3 mwa aprè gè site solèy la te eklate ant gang G9 an fanmi e alye ak gang G-pèp, prèske tout moun nan zòn lan te oblije chape poul yo. Depi nan dat 7 pou rive 17 jiyè 2022, plas Hugo Chavez tounen abri pou plis pase mil fanmi. Sa ki plis priyorite yo se pou leta ta fè yon jan ak yo, paske okenn kondisyon pa reyini pou yo viv byen sou plas la.
«Nou p ap byen viv la, menm lè n ta jwenn manje sa pa enpòtan, nou ta bezwen pou leta fè yon jan avèk nou la, pou l leve nou la.» Se kri yon jèn gason ki pa te neglije di sa l ap viv ak madanm li ki ansent epi ki gen 2 lòt pitit k ap mal mennen sou plas la.
Plas Hugo Chavez twouve li nan Mayi gate anfas Ofis Nasyonal Aviyasyon Sivil (OFNAC), touprè Ayewopò Tousen Louvèti. Li te konstrui nan lane 2016 sou administrasyon ansyen prezidan Joseph Michel Martelly. Daprè anpil moun nan zòn lan plas sila a, se te youn nan pi bèl plas piblik zòn lan pa te janm genyen, men pou moman an objektif lwazi a chanje paske kounya se plis pase yon milye fanmi ki pran refij yo la, akoz gè bandi Site Solèy yo ap fè.
Madi 25 oktòb 2022, 6è nan aswè, Ekip Mag Haïti a te prezan sou plas Mayi Gate a se yon tablo ki prezante konsa: plizyè fanmi deja mete plastik yo atè pou prepare dòmi yo, plizyè lòt ap bwote dlo pou benyen, gen lòt se yon ti labouyi yo resi ap fè nan recho oswa sou twa wòch dife ki limen ak bwa, tab aza enstale, plizyè pakèt nan tout rakwen, tant drese, rad lave tann, machan pasi-pala. Lanjelis tonbe poutan se lè sa anpil nan yo ap resi monte yon chodyè. Yon madanm nou rele Jacqueline ap rakonte nou kalvè y ap pase sou plas la paske yo pa gen mwayen. «Nou p ap viv byen menm sou plas la, mwen menm ak mari m epi 4 pitit mwen yo nou manje se akòz mari m fè bale pou vann, si l fè 50 goud nou bon.»
Nan yon bò madanm sa a fè nou konnen pi gwo pwoblèm yo se pa jwenn manje pou yo manje, men se jwenn yon kote pou yo rete, paske lapli ak Solèy se tout pwoblèm yo. “Lapli tonbe, seren bat nou, nou atè a. lè lapli tonbe nou pa gen kote pou nou ale. Ti kay ki genyen yo moun ki te gentan anba l yo p ap kite nou rantre paske gen nan yo ki rayisab.»
Nan yon lòtbò Jacqueline te eksplike enkyetid li tou pou sekirite yo sou plas la, paske daprè sa li deklare: « pa gen okenn baryè ki fèmen lannuit ki te ka abrite yo andann an.»
Malgre enstalasyon dlo fèt ak dispozitif pou moun fè bezwen yo, sou plas la chak ti rakwen w pase gen plizyè ma dlo ki pa koule. Pa gen okenn kote ki disponib pou moun yo benyen. Nan kondisyon sa yo, yon jèn gason te pale ak nou pou eksplike n enkyetid li ak sitiyasyon malouk sa a y ap viv depi 3 mwa. «Lè lapli tonbe se problèm li ye pou nou, men se pa sèl lapli a tou, bon nou pa gen posiblite pou nou manje, timoun yo ap mal dòmi, pa gen dlo pou nou bwè, sa pa vi.» Daprè sa yon jèn gason eksplike nou.
Pou kòmansman mwa oktòb la, anpil lapli tonbe sou pòtoprens, poutan plas la pa gen ase estrikti pou abrite tout moun sa yo lè lapli ap tonbe. Inite idwometeyowolojik Ayiti (UHM) anonse gen anpil chans pou lapli kontinye tonbe pandan jou sa yo. Lapli se pi gwo defi viktim sa yo. «Lè lapli ap tonbe gen anpil nan yo, granmoun kou timoun rantre nan batiman ki konstrui yo pou pare lapli a, men depi l pase tout moun sòti pou ranje ti tapi yo atè a pou yo dòmi.» daprè sa yon moun ki ret nan zòn pwòch plas la rakonte nou.
Moun sa yo, denonse tou fason lapolis ap jere sitiyasyon an, paske daprè yo olye yo pale ak yo se rache y ap rache tout ti tant yo redi fè pou pare lapli ak solèy. «Lapolis antre kraze ti abri nou fè yo, yo di pa twò lontan ti tant sa yo, yo gen pou yo vin chire yo, pèsonn pa konn pou ki rezon y ap fè sa, men yo di si nou pèsiste refè abri yo ak deyò y ap vin mete nou ak bal epi gaz”, selon temwanyaj youn nan viktim yo.
Daprè menm sous sa, sanble se ta lòd polisye yo ta resevwa pou ta vin kraze afè yo epi vle mete yo deyò, men fas ak tablo nwè sa a, sitwayen an fè konnen depi l jwenn yon ti kote pou l dòmi li menm ak fanmi l li pa bezwen anyen nan men leta.
Nan sa ki gen pou wè ak lasante, pandan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP) te deklare nan dat ki te 2 oktòb pase a, yo te rive resanse yon ka kolera nan zòn Site Solèy, sitiyasyon moun sa yo ap viv sou plas la pa bay okenn asirans pou bon kondisyon sante yo. Daprè sa anpil espesyalis lasante yo toujou di, depi yon kote gen anpil fatra ak anpil ma dlo, li posib pou moun yo trape maladi malarya akoz mikwòb.
Alòske jis kounya, daprè sa kèk temwen fè konnen, koze lasante a pa pase pre yo ditou sou plas Mayi Gate a. Pandan tan sa gwo mobilizasyon te fèt pou konbat maladi malarya nan tout peyi a, depi mwa avril pou rive mwa jen 2022 a. Plan Ministè a se pou elimine maladi malarya nan tout peyi a, dat limit lan se pou lane 2025, daprè previzyon yo fè.
Anpil moun nan zòn lan pa kache desepsyon yo pou yo wè nan ki eta moun sa yo ap viv : «Fòk leta pran responsabilite l paske nan moman moun sa yo ap soufri la, yo menm y ap byen pase, li paka rete konsa mezanmi.» Se deklarasyon kèk moun ki konn al sou plas la pou gade sa k ap pase a. Antouka ni moun k ap viv nan move sitiyasyon sa a ni moun ki abite nan anviwon zòn Mayi Gate a, kri yo pa lòt «retire moun yo nan move kondisyon sa a.»
Achille Marie Mika
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022