Anviwon 4 prizonye mouri ayè lendi 15 me 2023 akoz pwoblèm sante anndan prizon Senmak la, selon Responsab Kolektif Avoka pou Defans Dwa Moun (CADDOH) nan Arnel Rémy.
Kriz k ap boulvèse anndan plizyè sant kaseral peyi an lakoz lanmò 4 prizonye nan komin Senmak parapò avèk pwoblèm sante y ap konfwonte, selon sa responsab òganizasyon dwa moun nan, Arnel Rémy rapòte bay Vant Bef Info.
«Mwen denonse sitiyasyon prizonye y ap viv nan prizon nan peyi an puiske yo ekspoze avèk plizyè pwoblèm tankou sante, dlo trete epi pwoblèm manje», toujou nan deklarasyon mèt Arnel Rémy.
Anplis, responsab òganizasyon dwa moun nan te avanse pou li di «Mwen pwofite lanse mizangad bay tout otorite Ayisyen kont prizon fanm nan Kabarè. Kote sant prizon sa ak nenpòt moman kapab sibi yon lòt atak fòs gang ak zam akoz li touprè Sous Matla», nan konklizyon avoka a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023