Ayè madi 23 dawout 2022 a, anviwon 3 moun pèdi lavi yo ak 15 lòt rive blese nan vil Okay ak Jakmèl nan 2 zyèm jounen pwotestasyon kont lavi chè ak ensekirite ki pa sispann taye banda nan sosyete a depi kèk jou.
3 moun pèdi lavi yo ak yon 10 lòt moun rive blese nan vil Okay aprè 2èm jounen manifestasyon nan sid peyi a. Daprè pawòl kèk manifestan lapolis te rive itilize gaz lakrimojenn epi tire sou yo nan objektif pou popilasyon an pa te kontinye manifeste.
Nan jounen manifestasyon sa, popilasyon an te pwofite antre epi piye biwo CARITAS, ki se yon enstitisyon legliz katolik k ap jere estokaj manje nan vil Okay.
Pou kanpe kont lavi chè ak ensekirite k ap kangrennen sosyete a, plizyè 100èn moun te pran lari jounen sa nan vil Jakmèl. Sa ki te fè plis pase 5 moun blese, pandan popilasyon an te ap eseye mete dife nan yon ponp gaz nan sant vil jakmèl la.
Popilasyon an pa te kache kòlè yo aprè moun sa yo te fin viktim nan vil Jakmèl la, epi o te tou pwofite akize lapolis ki ta sèl responsab moun sa yo ki blese pandan jounen manifestasyon sila a.
Timothée Jeff, Jude Désir, Darley Content, Ardan Sauveur ak Dénis lainé se non sitwayen sa yo Ki te rive Viktim nan vil Jakmèl, pandan popilasyon an te ap eseye mete dife nan yon ponp gaz nan sant vil Jakmèl la. Pou kounya sitwayen sa yo nan lopital Sen Michèl y ap pran swen ki nesesè.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022.
Discussion about this post