Yon gwoup 20 eta te deside pousuiv gouvènman Biden lan douvan lajistis ayè madi 24 janvye 2023 a. Pami eta sa yo nou jwenn Florid,Texas, elatriye. ki estime prezidan Ameriken an ak tout depatman sekirite nan Etazini vyole lwa sou migrasyon epi abize sou pouvwa yo ak pwogram imanitè sa.
“Eta sila di y ap fè fas ak replik desizyon sa ki sòti nan abi pouvwa depatman an fè sou liberasyon kondisyonèl la ki penmèt plis pase yon 100èn milye etranje, anplis antre sou chak grenn teritwa nou yo ki deja paka sipòte ankò“, se sa 20 eta sila yo ki gen nan tèt yo yon bann dirijan repibliken, depoze douvan yon tribinal federal nan zonn Tekzas pou fè fas kare ak prezidan Joe Biden.
Nan menm dokiman sa, eta ki konsène yo soulinye, depatman sekirite enteryè a pase sou kongrè Ameriken ak program bay viza sa yo vin ak li an san yo pa menm jwenn vòt tout kongrè a. Yo di tou, avèk pwogram sa depatman an ale twò lwen nan otorizasyon sa l bay ak migran 4 peyi sa yo, tankou Ayiti, Nikaragwa, Venezwela ak Kiba pou viv Etazini pandan 2 lane.
Kontrèman ak kritik pwogram imanitè a jwenn bò kote repibliken yo, ki deklare klè se yon nouvo solisyon Biden ta jwenn pou kouvri kriz migratwa menm li menm ankò te pwovoke a, depatman sekirite enteryè a li menm di nouvo pwosesis sa a, se yon fason pou mete lòd nan sistèm imigrasyon an epi evite migran yo pase nan vye wout danje yo, tankou wout Darien Cap la, nan lanmè ki travèse eta Florid la ak lòt peyi yo.
Paralèlman avèk plent sila, dirijan repibliken yo depoze kont prezidan an ak depatman sekirite enteryè a, li posib pou pwogram sa a ta fè yon ti kanpe jiskake jij ki sou dosye a nan tribinal federal nan Tekzas la ta deside bay dènye mo li.
Eta ki kanpe dèyè plent sa a se: Tekzas, Alabama, Alaska , Arkansas, Florid, Aydawo, Aywa, Kansas, Kentucky, Louizyann, Misisipi, Misouri, Montana, Nebraska, Oayo, Kawolin Sid, Tenesi, Youta, Vijini oksidantal ak Wayoming. Otorite ki jwenn akizasyon nan kad dosye sa a se : sekretè depatman sekirite enteryè a, Alejandro Majorkas, direktè sèvis sitwayènte ak imigrasyon Etazini, Ur Jaddou, komisè enterim dwann ak proteksyon frontyè yo, Troyy Miller ak direktè imigrasyon ak dwann yo, Tae Jhonson.
N ap raple, pwogram libète kondisyonèl la te la depi oktòb ane pase avèk sèlman migran Venezwelyen yo ki te benefisye l, sa ki ta pral chanje aprè anons chèf leta a pandan mwa janvye a ki vin bay Ayiti, Nikaragwa epi Kiba menm opòtinite sa tou.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023