Nan yon rapò Nasyonzini te ekri nan dat 15 septanm 2023 a, e ki sòti ayè mèkredi 18 oktòb 2023 a, yo fè konnen ansyen prezidan Michel Joseph Martelly te konn finanse bandi yo, e te menm rive kreye yon gwoup gang ki gen non “Baz 257”.
Rapò final sa se yon gwoup ekspè k ap travay sou sitiyasyon an Ayiti a ki te ekri l nan kad rezolisyon 2653 ( 2022) ki te pran nan Nasyonzini pou sanksyone tout gang, politisyen, ak pèsonalite ekonomik ki patisipe nan ensekirite ki gen nan peyi a. Se nan sans sa tou, yo di ansyen prezidan Michel Joseph Martelly ta youn nan politisyen ki mele nan grav pwoblèm ensekirite peyi a ap konfwonte jounen jodi a.
Selon rapò sila a, ansyen prezidan an te itilize gang yo pou ogmante enfliyans li nan katye popilè yo, e sa te vinn lakòz anpil jèn nan katyè sa yo antre nan gang e jwenn sipò ak bal pou y al simen latwoublay jiskaske ensekirite a vinn dejenere nèt.
Gwoup ekspè k ap travay sou kondisyon ensekirite an Ayiti a resevwa plizyè enfòmasyon ki ta pwouve ansyen kandida pati Tèt Kale a finanse anpil gang tankou Baz 257, Vilaj Dedye, Tibwa ak Gran ravin, se li menm ki te konn fè yo jwenn gwo zam fann fwa ak lajan pou simen latwoublay nan zòn metwopolitèn nan. Mete sou sa, yo konfime pou di ansyen prezidan an se mèt gang 257 la, e se li k te konn bay lajan, zam ak bal pou te anpeche pèp la manifeste kont pouvwa an plas la nan Petyonvil sitou nan lane 2014. Yo soulinye tou, se gang sila ki mele nan plizyè zak ansasinay, kidnapin ak zafè trafik dwòg an Ayiti.
Fòk nou konnen tou, rapò a mansyone Michel Joseph Martelly te konn itilize kèk fondasyon ak pèsonel sekirite ki te konn travay ak li kòm pon pou te al negosye epi tabli relasyon ak kèk kò gang. Se nan konsa, Arnel Joseph ansyen chèf gang vilaj Dedye te deklare li te konn negosye avèk yon manb sekirite pwòch Martelly sou gwo lajan ak gwo zam, e li te menm di se moun pwòch ansyen chèf leta a menm ki te konn bal l zam ak gwo lajan yo.
“Nan yon videyo kap sikile, ti lapli youn nan chef gang Gran ravin eksplike ansyen Prezidan an te bay Tèt kale, yon ansyen chef gang Gran ravin yon fizi Galil 5,56 mm ki se zam lapolis nasyonal, li te bay Krisla yon lòt zam menm mak la tou. Lè Tèt kale vinn mouri, Ti lapli repran zam sa kòm eritaj li“, se sa eskpè yo rapòte.
Avèk detay espesyalis òganis onizyen yo bay yo, yo pwouve a klè sòti nan lane 2011 pou rive 2016, prezidan Joseph Michel Martelly t ap finanse epi patisipe nan kreye ensekirite sa ki tabli kò l nan tout peyi a. Yo fè konprann tou, se avèk menm kò gang sa yo li te konn ap dirije, ogmante lajan l epi pèmèt pi byen sikilasyon zam ilegal ak dwòg fèt sou teritwa nasyonal la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023