Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Yon pwofesè maspinen yon elèv anndan yon lekòl nan vil Senmak

Mag Haiti by Mag Haiti
May 21, 2024
in Société
0
Gang Ayiti yo gen pwòp klinik yo pou retire ògan moun yo kidnape

Zak vyolans sou elèv lekòl yo pa sispann fèt sitou nan zòn pwovens yo. Ayè lendi 20 me 2024 la, plizyè videyo ki pataje sou rezo sosyal yo montre yon pwofesè lekòl k ap maspinen ak kou yon ti fi ak tout inifòm lekòl sou li anndan sal klas li. Selon detay ki bay yo, zak sa a pase nan «Institution Mixte Georges Sylvain» ki chita kò l nan Senmak.

«Madmwazèl sòti deyò», se aprè pawòl sa yo, endividi sa a yo bay pote non “Pastè” a te kòmanse tire kou sou viktim nan jouk li te rive trennen l bò pòtay klas kote yo te ye a. Se yon aksyon kriminèl elèv nan menm lekòl sa a te denonse nan videyo ki pataje yo, poutan sa a pa t anpeche mèt krim nan te kontinye jouk viktim nan te rive nan yon faz kote sante l te menm rive atake.

Kèk tan aprè, divès moun pa t mete dlo nan bouch yo pou kontinye denonse move zak sa a ki pase Senmak la. «Nou kondane zak sa a, endividi mal entansyone sa a dwe resevwa sanksyon l merite a», selon premye reyaksyon nou jwenn.

Yon kote moun yo ap mande pou Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Profesyonèl (MENFP) aji, yon lòt kote gen moun ki mande sekou lajistis. Selon estimasyon yo, lajistis ayisyèn ta dwe arete endividi sa a pou kite yon egzanp pou tout lòt pwofesè oubyen direktè ki ta panse fè vyolans sou yon elèv lekòl.

N ap raple, 2 me ki sot pase a MENFP te deside retire direktè Anebert Joseph nan sistèm edikatif ayisyen an. Responsab yo te pran desizyon sa a aprè direktè sa te fè zak vyolans grav sou yon timoun 22 avril 2024 la. Avan sanksyon yo Joseph te nan tèt lekòl nasyonal «Béthel Bethesda» ki twouve l nan Nòdès peyi a.

«Ministè a mande tout direktè lekòl respekte dwa ti moun yo genyen pou yo aprann san vyolans anndan lekòl yo», se rekòmandasyon otorite yo nan sistèm edikatif la, yon fason pou evite pèp ayisyen an fè fas kare ak modèl zak kriminèl sa yo nan sosyete a.

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 1,124
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Plizyè responsab Kenyan antre an Ayiti pou vin met kontwòl sou preparasyon fòs etranje a

Next Post

Michel Martelly bay manm Konsèy yo presyon pou moun pa l nan gouvènman an

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Michel Martelly bay manm Konsèy yo presyon pou moun pa l nan gouvènman an

Michel Martelly bay manm Konsèy yo presyon pou moun pa l nan gouvènman an

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,421)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,905)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,010)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,804)

Nouveaux Articles

  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out
  • « Inisyativ 24 avril 2025 » deklare aprè 7 fevriye se nan kou kasasyon nouvo dirijan peyi a ap sòti
  • Dosye Jovenel Moïse : Lakou dapèl envite Martine Moïse ak plizyè lòt pèsonalite pou tande yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?