Yon fanm Ayisyen 40 lane mouri ayè mèkredi premye mas 2023 a, sou yon bato gadkòt Ameriken. Daprè responsab yo, viktim lan te pami 54 moun gad kot yo te arete sou lanmè Ameriken an lendi 27 fevriye pase a, selon Miami Herald.
Okenn lòt detay pa bay sou idantite fanm Ayisyen sa ki rive pèdi lavi l ayè mèkredi a, li pa te gen fanmi, ni zanmi ak li pandan vwayaj ilegal yo te tanmen pou antre Etazini an. Pandanstan, sikonstans lanmò li pa twò klè, anplis pa gen enfòmasyon ki disponib pou ta konn kisa ki lakoz lanmò li vrèman.
“Li te sou bato a mèkredi maten, nou jwenn fanm lan li pa tebgen konesans epi manm ekip gadkòt la te eseye fè l vini“, se sa jounal Ameriken an fè konnen pandan yo di responsab yo te mennen l lopital malgre sa li te toujou pa te ka rejwenn lavi.
Pou kounya, gadkòt yo anonse y ap fè tout mwayen posib yo pou enfòme fanmi migran Ayisyen sa, sou sa ki pase a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post