Depi plizyè jou legliz episkopal tonbe nan yon gwo eskandal piblik, presizeman sou kesyon kagezon zam ak minisyon ilegal ki ta vini sou non enstitisyon an nan dat vandredi 15 Jiyè 2022.
Ansyen responsab legliz la, sa genyen plis pase yon dizenn lane, Jean Zaché Duracin, ta rejte enfòmasyon ki atribye legliz episkopal ak tout minisyon zam ilegal sa yo nan Jounal Premye Okazyon, Radyo ak Televizyon Karayib :” Se avèk anpil doulè nou tande ak wè sa sou legliz nou an, m panse sa n wè ak tande pa fè pati zèv legliz la, legliz la ap fè sosyal depi 19è syèk, n ap mande tanpri souple ak nou, sak vini an li vin sou non episkopal olye destine ak nou, sa pa angaje legliz la ditou”.
Li te ajoute nan menm Jounal sa: ” Nou kwè nan kolaborasyon avèk lajistis, li gen pou l detèmine kiyès ki koupab la pou l detache bagay sa ak legliz, zèv sosyal legliz la se lanmou, lapè, fratènite epi rekonsilyasyon. Anplis nou gen zèv dirab ak estab, nou konstrui lekòl Saint Vincent, Saint Pierre, Inivèsite, elatriye“.
Ansyen responsab legliz episkopal, Jean Zaché Duracin, te kontinye pou l ajoute nan fason pou l reponn sou koze revokasyon Zimbabweyen an :” Mwen pa konn kisa ki te lakoz revokasyon li, sof mwen te jwenn kopi lèt la. Anplis, legliz episkopal konn abitye resevwa bagay pou lòt enstitisyon epi nou remèt li yo…”
Nan kad dosye kagezon zam ilegal ak minisyon ki vin sou legliz episkopal la, madanm Gina Rolls aktyèlman la nan men lajistis kòm youn nan veritab sispè sou dosye sa, pandan lajistis ak lapolis ap kontinye ankete pou yo ka jwenn veritab koupab ak founisè zam sa yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022