Polisye Duplan Joveny, ki te sòti nan 27èm pwomosyon nan inite Kò Entèvansyon Mete lòd (CIMO) mouri anba bal nèg ak zam jounen jodi lendi 25 mas 2024 la nan zòn Kafou Vensan, selon sendikalis Lionel Lazarre.
Polisye Duplan Joveny mouri pandan li te nan yon machin prive ak plizyè lòt polisye parèy li. Gen 2 lòt polisye ki blese aprè atak nèg ak zam yo you anba bal endividi a zam yo pa rive idantifye nan zòn Metwopolitèn nan.
«Mwen pa ko ka bay detay sou laj li, men m konfime li mouri pandan li te gen lòt polisye avèk li, gen 2 lòt ki rive blese.» se enfòmasyon sa yo responsab Sendika Nasyonal Polis Dayiti (Synapoha), Lionel Lazarre, fè jounalis MagHaïti yo konnen.
Pandanstan n ap raple pou kòmansman janvye a pou mas 2024 la, gen anviwon 10 polisye ki tonbe anba bal bandi, anplis dènyè atak gwoup gang nan “Viv ansanm” te fè sou baz CIMO nan Dèlma 2, kote lapolis ta pral rive reziste epi debloke plizyè espas nan zòn sa a.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024