Nan divès rapò li fè sòti ayè mèkredi 15 novanm 2023 a, Inite Lit Kont
Koripsyon(ULCC) mande pou lajistis ta mare kèk ansyen palmantè pou kesyon koripsyon, detounman lajan ak byen piblik, itilizasyon fo dokiman ki pèmèt yo anrichi tèt yo plis pandan yo te sou pouvwa. Konsa, nan rekòmandasyon responsab yo fè, yo mande pou lajistis aji jan atik 5.4 lalwa 12 mas 2014 la di sa k dwe rive tout gwo fonksyonè Leta nan kad koripsyon.
Pami palmantè sa yo nou jwenn Joseph Lambert, Hervé Foucand, Gracia Delva, Nenel Cassy, Wanique Pierre, Francisco Delacruz, Willot Joseph, Worms Périlus, Clovis Obas, Wolf Papillon, ak François Malherbe.
Nan rapò sa, ULCC fè konnen senatè ak depite sa yo te non sèlman itilize materyèl Leta pou pwòp zafè yo, men tou yo fè kwè pèsonalite sa yo pa janm remèt ekipman sa yo. Se nan konsa, yo presize gen 4 senatè ki gen antou 13 machin enstitisyon an nan men yo, yo pa janm rive remèt, malgre manda yo te fini depi 2yèm lendi mwa janvye 2023 a.
“ULCC mande yon lòt fwa pou mete aksyon piblik an mouvman kont mesye Willot Joseph paske l pa t fè deklarasyon patrimwàn menm jan atik 28 nan lwa 12 fevriye 2008 la di l la. Lajistis dwe aji kont li pou fo dokiman, li te bay yon fo sètifika pozitif sou deklarasyon patrimwán“, se sa anketè yo revele pandan yo mande pou lajistis aji kont Wilfrid Elie tou, puiske l te ede nan ekri fo dokiman palmantè a te bay yo.
“Selon deklarasyon responsab direksyon resous materyèl ak entandans yo, Jean Romuald Occelan se 4 ansyen senatè ki gen 13 machin sa yo nan men yo. 4 machin nan men ansyen senatè Joseph Lambert, 5 nan men Gracia Delva, 3 nan men Wanique Pierre, epi lòt grenn machin nan nan men Richard Lénine Hervé Foucand”.
Pou sa ki konsène ansyen senatè Nenel Cassy anketè ULCC yo di konsa palmantè a pandan tou 2 manda l yo nan sena a(2006-2015) li te fè yon fason pou l pa t janm fè deklarasyon patrimwàn, lè l te resi fè sa li te kache pifò sa l te genyen yo yon fason pou pèsonn pa t gen kontwòl sa l vinn genyen.
“Lajistis dwe pousuiv Nenel Cassy pou pwofitè( li te itilize pozisyon l pou te konstui yon pi gwo richès pèsonèl) menm jan atik 5.2 lalwa 12 mas 2014 la mande l la. ULCC mande pou yo mete aksyon piblik an mouvman kont li tou, pou fo deklarasyon patrimwàn”, toujou daprè sa rapò a fè konnen.
Pou sa ki gen pou wè ak menm dosye detounman byen piblik sa bò kote ansyen depite yo Inite Lit Kont Koripsyon di
gen anpil materyèl (Sant Nasyonal Ekipman yo)CNE ki nan men moun sa yo. Yo di ansyen Depite François Malherbe, Pierre Bel Ange yo chak la gen yon dozè nan men yo, ansyen depite Claudy li menm genyen yon kamyon, yon gradè ak yon pèl. Tandiske, ansyen palmantè Wolf Papillon genyen 5 kamyon, 3 konpaktè, 2 dozè, 2 pèl, yon kamyon sitèn, yon lodè, yon sakay, yon dozè D9, ak yon woulo lis.
Ansyen depite Worms Périlus li menm bò kote pa l genyen 2 gradè cat, yon kamyon isuzu ak yon bakolodè. mete sou sa, ansyen depite Clovis Obas gen nan men l 2 kamyon entè, yon konpaktè, ak yon kamyon mak. Poutan, ansyen senatè Francisco Delacruz li menm gen nan men l yon dozè D7. Ansyen senatè Willot Joseph li menm malgre akizasyon fo deklarasyon patrimwàn li gen sou do l deja, menm li menm tou gen yon lodè katèpila nan men l.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023