Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Tanbourinè Wa Saba rann dènye souf li akòz yon anemi falsifòm ak lafyèv tifoyid

Mag Haiti by Mag Haiti
March 16, 2024
in Société
0
Tanbourinè Wa Saba rann dènye souf li akòz yon anemi falsifòm ak lafyèv tifoyid

Atis tanbourinè Napoléon Eudes Sabatini, tout moun konnen sou non Wa Saba pèdi lavi l ayè jedi 14 mas 2024 la. Atis la fè vwèl pou peyi san chapo depi bò 8è nan maten, nan Lopital lapè akòz li t ap soufri ak yon anemi falsifòm SS epi lafyèv Tifoyid.

“Lanmò sa a pou mwen se tankou yon katastwòf, se tankou yon limyè ki etenn, se zantray mwen k ap rache, sitou Eudes se moun m t ap fòme nan tanbou ki te plis avanse, ki te ban m plis espwa nan relèv mwen…”, se pawòl sa yo Batala, direktè Fondatè Atelye Tanbou plen Minui an, pwononse avèk tout yon vag dezespwa. E se nan lekòl tanbou sa a tou, Wa Saba t ap pran fòmasyon pou aprann jwe tanbou.

Jèn tanbourinè sila a te fèt 17 oktòb 2005, nan ri Senmaten ak zòn Dèlma 2, li t ap viv nan ri Jozèf Janvye, anplis li t ap fè 9è A.F nan lise Tousen Louvèti (LTL). Atis la rive pèdi lavi l akòz maladi sa yo, e se yon lanmò ki touche anpil moun sou rezo sosyal yo.

“Li te konn jwe nan milye inivèsite a, li te gentan patisipe nan plizyè emisyon tele ak radyo, li te saj anpil e l te renmen tout moun ki bò kote l“, toujou daprè sa responsab atelye a ajoute nan kad entèvyou Mag Haïti te gen ak li.

Napoléon Eudes Sabatini, te sèl grenn pitit gason ak dènyè pitit nan fanmi li, avan lanmò l li t ap viv ak manman l, yon sè li, 2 nyès ak yon kouzin li, alòske papa l menm t ap viv nan peyi etranjeWa Saba te pral entegre atelye “Tanbou plen Minui” se nan dat ki te 11 mas 2022 a, se la li ta pral jwenn chans resevwa fòmasyon antanke tanbourinè epi militan kiltirèl.

“Mwen avèk Eudes te gen yon relasyon papa ak pitit, li te konn rele m papa anpil kote li rive, li te fè konnen se mwen ki papa l malgre papa l ap viv lòtbò dlo, li te kwè nan mwen kòm moun k ap ba l bon direksyon epi mwen te yon modèl pou li”, se sou dènyè mo chaje ak tristès sa yo Joseph Rony ki gen pou non vanyan Batala fini deklarasyon li yo.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 777
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Israël et son permis de massacrer en toute impunité

Next Post

Yon vòl sekou elikoptè dominiken k ap sòti Ayiti kounya la koute anviwon 15 000 dola vèt

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Yon vòl sekou elikoptè dominiken k ap sòti Ayiti kounya la koute anviwon 15 000 dola vèt

Yon vòl sekou elikoptè dominiken k ap sòti Ayiti kounya la koute anviwon 15 000 dola vèt

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,988)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,793)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,852)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,680)

Nouveaux Articles

  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo
  • Joé Dwèt Filé : Une performance exceptionnelle aux Flammes 2025
  • Yon majistra dominiken imilye plizyè timoun ayisyen avan depòtasyon yo an Ayiti

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?