Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Covid-19

SOL LUCET OMNIBUSUNIVERSITAIRE CITOYEN COV 19-4

Mag Haiti by Mag Haiti
May 31, 2020
in Covid-19
0


Pòtoprens, 22 Me 2020

Kowonaviris, an nou mete mas pou pwoteje bouch nou ak nen nou e menm je nou.

Epidemi kowonaviris se yon maladi ki atrapan anpil e ki ka koze gwo dega nan sistèm òganis yon moun . Se yon viris pandan l ap pase de yon moun a yon lòt li ka kontamine yon bann ak yon pakèt moun nan de tan twa mouvman. Se konsa nou ka wè, vit e prese yon latriye moun nan yon lokalite, nan yon zòn oubyen nan tout yon peyi menm kapab kontamine e tonbe malad bridsoukou.
Kowonaviris sa a kapab bay anpil tèt chaje, laperèz ak gwo kè sote nan yon popilasyon. Se poutèt sa , se pou popilasyon an ka pran bonjan mezi pou kwape maladi sila a nan anpeche l layite l nètalkole. Si yon moun kontamine, li dwe pran tout mezi nesesè, pou pwoteje lòt moun ki bò kote l pou anpeche maladi a gaye. Yon moun kontamine kapab bay viris la, a twa kat lòt moun, e moun sa yo bò kote pa yo, ka kontinye ap simaye maladi a menm jan an. Kidonk, nou wè li nesesè pou mete mas ki ka byen bouche nen nou ak bouch nou.
Mete yon mas se yon ijans e se gentan pran devan pou bon jan pwoteksyon pou kwape kowonaviris nan peyi d Ayiti. Lè yon moun ap touse li dwe evite voye boulèt krache sou lòt moun ki ta anfas li. Nou gen lizay sa a deja nan kilti nou . Anplis kounye an, lè se yon moun ki kontamine anba kowonaviris si l ap touse, lè l gen yon mas ki bare nen l ak bouch li byen bare , li pwoteje anpil sila yo ki bò kote l . Lè n ap touse a, nou lanse yon seri boulèt krache, ki kapab tonbe nan bouch, nan nen ak nan je yon lòt moun ki bò kote nou, se konsa lòt moun sa a, kapab trape kowonaviris la. Nou p ap bouke kleronnen prensip mete mas pou bare nen nou ak bouch nou tou pou pwoteje tèt nou ak pwoteje lòt moun bò kote nou.
Lè yon moun ki gen kowonaviris ap touse, boulèt krache li kapab rive plis pase distans yon mèt senkant oubyen twa pa, yon bras oubyen de kout chenn nan longè pa nou . Anplis boulèt krache sa ka kontamine lòt moun, men gen tou ti farinay krache ki kapab rete nan lè a, menm si se pandan yon ti kras tan se yon malèpandye li ye tou. Ti farinay sa a ki rete nan lè an pandan 10 a 15 minit konsa kapab kontamine lòt moun k ap pase. Ti farinay krache sa yo gwo save yo rele yo ayewosòl. Alòs mete mas pou pwoteje bouch nou ak nen nou e menm je nou, se yon ijans sante piblik.
Groupe de professeurs FASCH

Comments

commentaires

Nombre de vues: 1,880
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

« Va-t’en Corona », la sensibilisation à la COVID19 sous un air de musique par DIVO

Next Post

Le bilan de cas confirmés testés positifs s’élève à 2124

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti est un média en ligne qui a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post

Le bilan de cas confirmés testés positifs s'élève à 2124

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

ADVERTISEMENT

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (71,263)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (37,278)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (30,030)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (28,118)

Nouveaux Articles

  • Bas-Artibonite : plus de 1 690 personnes sont victimes de la violence des gangs
  • Kettly Noël une performeuse qui inspire et provoque
  • Yon gwoup endividi ak zam ta louvri fwontyè Wanament la jodi madi a

RSS Fact Checker

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Learn WordPress
    • Support
    • Feedback
  • Log In