Jan yo te toujou fè l pandan 10 dènye ane sa yo, pou yon 11yèm fwa responsab yo nan Radyo Frans Entènasyonal (RFI) anonse yo lanse Pri RFI Teyat 2024 la depi ayè lendi 25 mas 2024 la. Apèl pou ekriti sa ap fèt anfavè tout ekriven ki ap viv an Afrik, nan Karayib la, nan Oseyan Endyen an ak nan Pwòch Oryen an.
Pri RFI Teyat se yon konpetisyon ki te fèt pou premye fwa nan lane 2014, li vize mete plis limyè sou ekriti dramatik kontanporen nan lang franse a. Se yon konpetisyon ki gen nan tèt li France Médias Monde kòm òganizatè, e yo gen bò kote yo plizyè patnè tankou SACD (Sosyete Otè ak Konpozitè Dramatik), Enstiti Fransè, Sant Dramatik Nasyonal Normandie-Rouen(CDN) elatriye. Pou 11yèm edisyon sa a, kandida yo ap gen pou remèt tèks yo 27 avril k ap vini la a minui.
Pou kèlkeswa kandida k ap patisipe yo men kondisyon responsab yo mete: otè yo dwe gen ant 18 ak 46 lane, yo dwe voye yon tèks fransè ki gen pou pi piti 15 paj ki dwe nimewote, patisipan an dwe ap viv an Afrik , nan Karayib la, nan Oseyan Endyen an osnon nan Pwòch Oryen. Kon sa a tou, pri a louvri pou resòtisan peyi sa yo ki twouve yo Lafrans aktyèlman men fòk yo gen pou pi piti 4 lane ap viv sou teritwa fransè a fòk li gen Kat rezidan oubyen l gen estati refijye politik.
Mete sou sa a, otè sa yo dwe voye tèks yo a avèk tit, non patisipan an, epi fomilè enskripsyon an. Sepandan, yo soulinye pami tout tèks y ap gen pou resevwa yo y ap seleksyone yon dizèn tèks avan kote ap gen yon sèl loreya. Se sèlman sou adrès email sa a otè yo ap ka voye travay yo a prix.theatre@rfi.fr .
N ap raple, pou 10yèm edisyon an se kamewounè Éric Delphin Kwégoué ki te sòti loreya. Alòske komedyèn ayisyèn Gaëlle Bien-aimé te ranpòte l nan lane 2022.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024