Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Responsab “Haitian neighborhood center Sant la” kritike Etazini pou pwosesis depòtasyon yo ki relouvri

Mag Haiti by Mag Haiti
November 28, 2022
in Société
0
Responsab “Haitian neighborhood center Sant la” kritike Etazini pou pwosesis depòtasyon yo ki relouvri

Peyi Etazini jwenn kritik nan men direktris egzekitif “Haitian neighborhood center sant la”, Gepsie Metellus ki repwoche yo, akòz yo deside depòte vandredi 25 novanm pase a, 190 migran ayisyen ki gen ladan l 46 timoun, pandan moman kriz plizyè fasèt ki gen nan peyi a.

“Nan yon moman, kote ti gason 13 lane ap sibi zak vyolans, mond lan ap pale sou kriz peyi Dayiti yo, enpi se nan moman sa nou vle rapatriye migran ayisyen yo? M pa konnen si se Mezon blanch oubyen depatman deta ki te pran desizyon sa a, men nenpòt jan sa ye a, nou gen moun ki gen pouvwa ki malveyan e ki ap maltrete moun”, daprè deklarasyon Gepsie Metellus.

Nan menm sans sa, gad kot ameriken yo te anonse vandredi 25 novanm lan, gen 190 migran ayisyen ki deja rive nan peyi Dayiti sou bato Escanaba, ladan yo gen 89 gason, 55 fanm enpi 46 timoun, daprè presizyon jounal Listín Diario.

Alòske, responsab haitian neighborhood center Sant la, deklare otorite ameriken yo pa ta dwe ap depote migran ayisyen yo nan moman difikilte peyi a ap konnen yo. “Kòman pou y ap chache solisyon paske Ayiti nan yon move pas enpi kounya yo vle depòte moun yo ?, Nou pap bliye sa“, se sa direktris egzekitif la deklare toujou daprè sa jounal dominiken an fè konnen.

Haitian Neighborhood Center “Sant la” se yon òganis ki sitiye l nan sid Florid, li te kreye nan dat 6 desanm 2000. Objektif sant resous sila a se ede imigre Ayisyen yo ki nan eta Florid.
Pami sèvis “Sant la” ofri nan kominote imigre Ayisyen yo nan peyi Etazini nou ka site: yo ede sitwayen ki legal yo prepare demann natiralizasyon, yo ede etidyan finansyèman nan sousi pou yo ka peye inivèsite yo avèk program “Fon bous etid doktè Jean-Price Mars” la, yo kreye lòt òganizasyon pou reponn ak bezwen kominote ayisyen na tankou : Together For Children Northeast Corridor, Neighborhood Advisory Group(NAG) ak Haitian Philanthropy Coalition, yo mennen kanpay sansibilizasyon tou pou imigre Ayisyen yo, nan kad pou patisipe nan fòmasyon moun sa yo ak “Teleskopi” (ki se yon show televize).

N ap raple daprè chif Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) te kominike yo, pou mwa oktòb la te gen sèlman 88 migran ayisyen otorite ameriken yo te depòte an Ayiti.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022

Comments

commentaires

Nombre de vues: 961
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Le PDG de Émile Market assassiné à Juvénat le samedi 26 novembre

Next Post

Editoryal: Martelly, Lambert, Youri, Lamorthe, Céant… boul la nan pye nou, jwe!

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Editoryal: Martelly, Lambert, Youri, Lamorthe, Céant… boul la nan pye nou, jwe!

Editoryal: Martelly, Lambert, Youri, Lamorthe, Céant… boul la nan pye nou, jwe!

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,923)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (40,012)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,195)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,928)

Nouveaux Articles

  • MJSAC denonse konpòtman ajan ULCC yo te genyen anvè anplwaye li yo
  • Saison cyclonique 2025 : la Protection civile en tournée stratégique dans le Grand Sud
  • Anketè ULCC yo jwenn plis pase yon milyon goud sere nan Ministè lajenès Espò ak Aksyon Sivik

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?