René Jean Jumeau anonse li retire kò l nan konsèy prezidansyèl tranzisyon antanke manm konsèy la nan lannuit 25 mas 2024 la, nan yon mesaj li voye bay lòt 7 manm yo ak 2 obsèvatè yo.
«Mwen vrèman dezole pou se nan dènyè minit m ap avèti nou, men m pito ofri nou teren lib san m pa anpeche nou, m ap retire kò m nan konsèy la, jan m te eksplike sa a deja», se sa a obsèvatè demisyone a ekri voye bay konsèy la.
René Jean Jumeau, ki gen yon metriz ak doktora nan jeni elektrik epi ansyen minis delege nan sekirite enèjetik sou ansyen prezidan Joseph Michel Martelly, aksepte retire kò li akoz akizasyon k ap peze sou do l kòm moun ki ta patisipe nan gaspiye lajan petwokaribe a.
«Aprè divès reyaksyon jodi a, mwen p ap ka ofri sèvis mwen kòm sekretè benevòl janm m te panse fè li a anndan konsèy prezidansyèl tranzisyon an», se kon sa a René Jean Jumeau a fini lèt la.
Alòske divès revelasyon te gentan fèt sou reprezantan obsèvatè René Jean Jumeau atravè rezo sosyal yo, kòmkwa li ta patisipe nan depanse lajan byen piblik mal, presizeman lajan petwokaribe. Anplis, kou Siperyè Dèkont ta mansyone non l nan depans 13780000 Dola Ameriken nan achte lanpadè.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024