3 jou Aprè fanmi l te fè konnen li pa t antre lakay li, plizyè lòt atis rive konfime nan lannuit lendi 6 novanm 2023 a, jèn rapè ak trapè ayisyen an, Asap Jexus mouri toutbon vre. Malgre sa, li rete kounya pou ta konnen nan ki sikonstans trapè ayisyen an pèdi lavi l puiske selon plizyè moun jouskounya sitiyasyon an pa parèt klè ditou.
“Piti yo mouri tout bon vre mesye“, se mesaj sa Izolan, ki te fè pati gwoup Barikad Crew te ekri nan lannuit lendi 6 novanm nan, sou paj Instagram li, e se mesaj sa tou ki ta pral konfime tout dout popilasyon an te genyen sou disparisyon jèn atis la. Pandan tan sa a, atis Izolan fè konnen aprè endividi yo finn touye Asap yo ta boule kò a tou.
Marc Daniel Cuvier tout moun konnen sou non Asap Jexus, selon manman l te sòti depi vandredi 3 novanm nan kote l t al pèfòme nan yon aktivite ki t ap fèt nan zòn Sat nan yon club ki rele “Dynasty Club”. Enfòmasyon yo fè kwè kèk moun te wè otè mizik “Dodama” a pou yon dènye fwa se te nan machin ki te dwe al depoze l lakay li ak 4 lòt moun ki te avèk li.
Selon plizyè temwanyaj machin atis la ak zanmi l yo te ye a, yo te gentan jwenn yon pati boule ladann depi kèk jou aprè disparisyon sitwayen yo. Poutan, yo pa t jwenn okenn kò nan machin nan.
N ap raple trapè a te fè pati gwoup G-shytt, li te fè plizyè mizik ki te fè gwo pale tankou Defans Elefan, Balèn Bouji, ak Dodama.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023