Jij Drew Tipton refize ayè vandredi 10 mas la, rekèt administrasyon Biden lan te fè l pou transfere plent 20 Eta repibliken yo nan yon lòt tribinal. Gouvènman ameriken an estime Eta repibliken yo achte jij yo, se rezon sa ki ta pouse yo pou te mande pou jijman an te fèt nan yon lòt tribinal, selon Reuters.
Kèk jou aprè jij Drew Tipton pa t deside kanpe pwovizwaman nouvo pwogram liberasyon kondisyonèl la sou demand 20 Eta repibliken yo, se konsa tou ayè vandredi an li pa t deside reponn pozitif pou te transfere dosye sila a nan yon lòt tribinal jan gouvènman ameriken an te mande sa.
“Kou a pa panse l t ap fè sans pou yon zafè konsa kite kote l dwe ye a akòz pèsepsyon piblik la ki panse sa yo vle, ki menm nan virewon ak pwòp deklarasyon akize fedewo yo“, daprè sa jij la ekri.
Paralèlman, jounal la fè konnen rekèt sa te fèt akòz gouvènman Biden lan te deklare 20 eta yo ta achete jij ki sou dosye a nan lide pou yo ta benefisye epi enfliyanse desizyon final la ki dwe pran nan kòmansman mwa jen k ap vini la.
Nan sans sa, akize yo t ap pito jijman an fèt nan tribinal ki nan eta Washington oubyen Austin, men jan jij la deside l la pou kounya, dosye a ap toujou rete nan tribinal Teksas la.
N ap raple dosye plent kont nouvo pwogram imanitè a se yon tribinal nan Eta Teksas k ap mennen li. Se sa ki fè, gen gwo dout kont tribinal la ak tout jij Drew Tipton, ki li menm son w jij prezidan repibliken Donald Trump te nome lè l te sou pouvwa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023