Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Pwoblèm ratman gaz la retounen depi kèk jou nan peyi Dayiti

Mag Haiti by Mag Haiti
December 18, 2022
in Société
0
Plizyè ponp kòmanse vann gaz nan zòn metwopolitèn lan

Depi plizyè jou peyi Dayiti ap konnen yon ratman gaz, paske anpil ponp pa gen gazolin ni dyezèl pou yo vann. Majorite estasyon gaz nan zòn metropolitèn Pòtoprens lan fèmen. Nou pa wè okenn ponpis ni chofè moto ni chofè taksi k ap peye ak fè diskisyon pou plen pou yo.

Nan jounen vandredi 16 desanm 2022 a, sòti Pòtay Leyogann, pase Bwa vèna, monte Petyonvil se prèske tout estasyon gaz yo ki fèmen. Jan sa ye chak fwa gen ratman gaz, se sou tout wout la n ap konstate galon jòn ak ti galon nan men moun k ap vann gazolin atè.

Nan virewon nan zòn Kafoufèy la, bò estati mesye Kolo a, nou wè kèk jèn gason ak ti galon blan nan men yo k ap vann gaz atè. Chak fwa chofè moto ak machin vire, yo pa sispann rele yo pou fè pri ak yo.

Selon yon chofè moto :«Galon gazolin lan vann 1250 goud atè a, men konsa tou si n al achte kafou n ap peye li 1000 goud.»

Pwoblèm gaz la chak jou pi plis ap anvlimen sou teritwa a, anpil pale anpil ak bougonnen ap fèt nan lari a, kote pri kous yo ogmante epi jwenn machin pa fasil ditou. Toujou selon chofè moto a:«Gen dyezèl nan ponp Lali yo, men se gazolin lan nou pa fasil jwenn nan ponp. Sa ki lakoz nou oblije ogmante pri kous yo, malgre se nan chirepit nou ye avèk yo.»

Pase sou Bwa vèna, se tout atè ak bò plas n ap konstate machann k ap vann gazolin, pandanstan machin Lapolis ap monte ak desann devan yo. Touprè a n ap jwenn yon komisarya polis, lè n ap raple divès entèdiksyon komisè gouvènman an te bay pou anpeche moun vann gaz atè a ki se yon aktivite ilisit pou leta Santral.

Monte Petyonvil, nan ponp gazolin ki chita kò l nan ri Metelis la, yon kamyon te vin pou li bay gaz ayè vandredi 16 desanm lan, plizyè kamyonèt ak lòt machin epi moto te kanpe ap tann gaz. Anpil ti pale ak bougonnen epi blokis nan wout la. Yon chofè moto te pataje avèk nou: « Se 1500 pyas nou peye gazolin atè a la, kidonk lè n pran li nan ponp lan e nou peye l 540 goud, sak penmèt nou fè kòb lajan manje a.»

Nan pase nan estasyon ti bis Petyonvil pou pòtay Leyogann lan, sou tout wout gaz ap vann atè a, 2 ti jèn gason, youn ak mayo wouj epi djins epi lòt la avèk bout pantalon nwa ak mayo blan te rakonte nou : «Se pa nou ki lakoz sa, se avèk li nou oblije bwase pou n fè ti kòb nou pou fèt la, pa gen leta ki pou ede nou.»

Bò plas ponpye 2 machann gaz te pral prèske mete men nan kòlèt, yon fanm ak yon gason. Si se pa te prezans kèk polisye sa te ka mabyal, kòmkwa lòt la ta anpeche l vann kliyan li. Sak te etonan, Lapolis te pito mete Ola olye li arete revandè gaz sa yo nan lari a. «Kote pou n retire yon galon gaz atè a nan Petyonvil n ap bezwen 1500 goud, pandan li pa menm plen» deklarasyon yon chofè ki t ap achte yon galon gazolin nan pri an.

N ap raple leta Santral te anonse gen gaz ki disponib nan ponp yo, malgre sa, selon anpil chofè se depi prèske anviwon 22 jou yo pa wè gazolin, kote nou te remake anpil ponp pa fonksyone nan zòn Metwopolitèn Pòtoprens lan.

Nan menm jounen yè a, Tèminal ki nan zòn Vare kote leta konsève anpil gaz, te fè konnen genyen 587 900 galon gazoline ki ta pral distribye. Pandan tan sa a pri galon gazolin lan pa sispann ogmante atè a.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022

Comments

commentaires

Nombre de vues: 905
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

La 7e édition du Prestigious Haitian Music Awards s’annonce tout feu tout flamme

Next Post

Les Haïtiens en République Dominicaine exigent l’application du respect des droits humains

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Les agents de l’immigration dominicaine déportent aussi des Haïtiens réguliers

Les Haïtiens en République Dominicaine exigent l'application du respect des droits humains

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,843)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,769)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,814)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,661)

Nouveaux Articles

  • ULCC revele ansyen direktè OFATMA a te fè magouy pou zanmi politik li fè lajan nan leta
  • Stéphanie Désir, une personne à mobilité réduite arnaquée par un ancien membre du BSEIPH
  • ULCC mande lajistis mare Renan Hédouville ak 6 akolit li nan OPC

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?