Prezime bandi Serge Alectis Junior alyas « Ti Junior» ki t ap dirije lasalin pandan plizyè lane nan peyi a, rive tonbe anba bal ayè vandredi 25 novanm 2022 a, aprè yon kokennchenn diskisyon nan zòn Tokyo.
Ansyen chèf gang nan lasalin lan, Ti junior, ki ta enplike nan plizyè zak, sitou nan masak lasalin epi youn nan manm chèf gang G9 Fanmi & Alye te tonbe anba bal yèswa nan anviwon 7è nan zòn Tokyo aprè yon diskisyon nan mitan gang parèy li yo. Sa ki fè depi ayè vendredi an, yo mete yon bout avèk rèy prezime chèf gang sa ki t ap dirije nan Lasalin lan.
N ap raple Rezo Nasyonal Dwa Moun (RNDH) te site non Ti Junior, ansyen polisye Jimmy Cherizier alyas Babekyou, ansyen polisye Grégory Antoine alyas Ti Greg, ansyen delege Joseph Pierre Richard Duplan nan masak lasalin ki te fèt nan lannuit 13 pou rive 14 novanm 2018. Anplis, prezime chèf gang «Ti Junior», Lapolis Nasyonal Dayiti te lage dèyè li pou plizyè akizasyon, tankou masak lasalin, sezi plizyè kamyon pwovizyon, zak asasina, elatriye.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022