Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société International

Prèske tout konplo touye prezidan ayisyen an te fèt Florid, Daprè yon pwokirè Ameriken

Mag Haiti by Mag Haiti
February 16, 2023
in International, Politique
0
Prèske tout konplo touye prezidan ayisyen an te fèt Florid, Daprè yon pwokirè Ameriken

Markenzy Lapointe ki se yon pwokirè Ameriken deklare ayè madi 14 fevriye 2023 a, yon gwo pati nan plan ki te vize touye prezidan Jovenel Moïse la te tabli nan sid Florid nan kòmansman ane 2021 an. Pwokirè a te fè deklarasyon sa nan kad yon konferans pou laprès yo te bay nan lide pou mete limyè sou kèk pwen espesifik, selon Miami Herald.

Otorite jidisyè Ameriken yo bay kèk detay sou ansasinay ansyen prezidan Ayisyen an ayè madi a, aprè ajan federal yo te fin arete 4 sispèk kle nan dosye a daprè akizasyon ki peze sou do sitwayen sa yo.

“Prèske tout planifikasyon ak finansman epi sèvo konplo ki te vize touye prezidan an te fèt isit la menm Etazini, nan sid Florid sòti kòmansman ane 2021 an”, se sa pwokirè a fe konnen.

Nan menm sans sa, lajistis Ameriken deside pran devan akòz plan malouk sa ki sanse te planifye lakay yo. Avèk 11 prezime koupab ki deja anba men yo, otorite yo pa deside kanpe nan ankèt y ap tanmen sou kiyes ki ta sèvo asasinay prezidan Jovenel Moïse la.

“Aksyon yo a rive vyole lalwa Ameriken an, kounya la y ap fè fas ak lajistis Ameriken. Etazini p ap pral tolere pyès moun ki ta konplote pou komèt vye zak vyolans nan lòt peyi depi sou sòl nou. Se menm jan an tou nou pa t ap tolere pèsonn ki deyò ki ta konplote kont peyi nou”, se deklarasyon pwokirè jeneral adjwen divizyon sekirite nasyonal ministè jistis la, Matthew G. Olsen ki te pwofite kalifye plan sa tankou yon dram ki atake tout prensip ak valè demokrasi a.

Paralèlman, nan repatisyon plan ki abouti ak lanmò dènye prezidan eli Ayisyen an, pwokirè Lapointe akize epi mete Antonio Intriago, ak Arcangel Prete l kòm moun ki te nan planifye epi òganize plan pou te oswa bay prezidan an koudeta oubyen touye l. Pou zafè moun ki te gen misyon pou asire plan an an Ayiti ak sila ki te bay sòlda kolonbyen yo travay, li pa te di anyen sou sa, toujou daprè jounal ameriken an.

Nan kad enkèt k ap mennen yo, nan plent ki depoze douvan lajistis Ameriken an, yo prezante Arcangel Pretel kòm yon sous Federal Bureau of Investigation(FBI) te genyen tout pandan lanmò trajik Jovenel Moïse la, lyen ki ta pral sispann aprè evenman yo.

Pandantan sa, malgre tout rapò ki ta genyen ant 4 nouvo akize yo ki se Antonio Intriago, Arcangel Pretel, Walter Veintemilla, Frederick Bergmann Jr ak sila yo ki deja nan prizon yo, ni ankètè ameriken yo, ni lajistis ayisyen poko jwenn bon jan moun ki ta dèyè asasinay 58yèm prezidan an.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 640
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Jean-Philippe Marthély du groupe Kassav sort un nouveau son près de 3 ans après son AVC

Next Post

Peyi Lasuis di l ap remèt Ayiti tout kòb Jean Claude Duvalier te sere lakay li

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Peyi Lasuis di l ap remèt Ayiti tout kòb Jean Claude Duvalier te sere lakay li

Peyi Lasuis di l ap remèt Ayiti tout kòb Jean Claude Duvalier te sere lakay li

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,782)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,989)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,153)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,909)

Nouveaux Articles

  • ONU deklare vyolans gang yo an Ayiti reprezante gwo menas pou estabilite Karayib la
  • Komite sanksyon ONU an sanksyone gwoup gang Viv Ansanm ak Gran Grif
  • Prezidan KPT a mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé rapò sou plizyè dosye leta enplike ladan yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?