Plis pase 2 lane aprè l te fin pran tèt peyi a aprè ansasinay prezidan Jovenel Moïse la, jounen jodi jedi 25 avril 2024 la, premye minis Ariel Henry resi prezante lèt demisyon l antanke chèf gouvènman Ayisyen an. Se yon desizyon, ki vini kèk tan avan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KTP) an ta dwe enstale jodi a menm.
“M prezante demisyon gouvènman m nan. Nou te sèvi nasyon an nan moman difisil yo, mwen remèsye tout sila yo ki te kouraj afwonte ak mwen defi sa yo“, se sa ki ekri nan lèt demisyon ansyen chèf primati a depi «Los Angeles», ki di tou sa fè li mal pou tout soufrans pèp la ap andire.
Depi aprè 20 jiyè 2021 an, ki se dat kòmansman gouvènman tranzisyon Ariel Henry t ap dirije a, li te gen pou misyon pou òganize eleksyon ki te dwe tabli yon pouvwa 2 tèt nan peyi a. Men, anviwon 32 mwa aprè malgre siyati divès akò tankou Montana(11 septanm 2022 ak akò 21 desanm 2022 a), mete sou kote divès diskisyon politik nan peyi a oswa lòtbò dlo anyen pa te janm fèt jiskaske li te menm rive mete sou pye yon Wo Konsèy Tranzisyon ki pa bay okenn rezilta.
Demisyon Premye minis defakto a, vini nan moman sitiyasyon sekirite peyi D Ayiti dejenere plis depi aprè demann èd li te fè bò kote Nasyonzini nan mwa oktòb 2022 a. Yon move peryòd ki eksplike deplasman li te fè nan peyi Kenya, kote reprezantan Ayisyen ki te ak li yo te siyen ofisyèlman akò ak gouvènman kenyan an pou pèmèt deplwaman 1 000 polisye kenyan yo an Ayiti.
Se aprè vwayaj sa menm, te vin gen gwo deblozay nan lakou Pòtoprens kote nèg ak zam boule epi sakaje anviwon 15 komisarya, touye 14 polisye, kraze 2 pi gwo prizon peyi a genyen, atake plizyè fwa Akademi Polis la. Men tou, endividi yo sakaje epi piye lopital Saint François de Sales, kèk fakilte tankou fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè (FAMV), Enstiti Nasyonal Siperyè Fòmasyon Saj-Fanm(INSFSF), Fakilte Medsin(FMP), Fakilte Dè Syans (FDS), Lekòl Nòmal Siperyè (ENS) yo pran kontwòl Estad Sylvio Cator, Lopital Jeneral, boule santral Ofis Asirans Machin Pou Wout (OAVCT) pou n site sa yo sèlman.
Pou kounye la, depi lendi 4 mas 2024 la, newochirijyen an gen anfas li yon ban n endividi ak zam ki regwoupe anba non “Viv ansanm”, ki te fè plizyè tantativ pou anvayi ayopò entènasyonal «Toussaint Louverture» a. Epi li genyen tou popilasyon an, keseswa Okap, Jakmèl ki te mete yon pinga pou yo te anpeche l rantre nan peyi a.
Pou sa ki gen pou wè ak divès sipò li te konn jwenn depi lè l te pran kòmand lan, jounen jodi a ni Etazini, ni Sendomeng ni peyi CARICOM yo, yo tout vire do bay PM nan nan moman l gen pi gwo difikilte pou li retounen Ayiti. Paske, dirijan tout peyi sa yo t ap mande yon sèl bagay ki se demisyon mesye a.
Pandantan sa pou 3 lane li yo malgre divès pwomès pou tabli sekirite an Ayiti, se yon peyi kote lajistis fin kaba dayè pifò nan prizonye ki te akize nan lanmò Jovenel Moïse la sove nan evazyon Penitansye Nasyonal la. Edikasyon tonbe an degraba, dwa moun pa respekte sitou avèk divès moun k ap sibi zak kidnapin ak vyolans gang, mete sou sa se plis pase 95 000 lòt ki blije kite lakay yo selon chif Òganizasyon Nasyonzini yo bay.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024