Premye minis defakto Ariel Henry, dwe peye tikè avèk lajan li pou l antre nan peyi Jamayik jounen mèkredi 6 mas 2024 la. Tousuit li dwe fè yon videyo pou li remèt demisyon l epi prezante yon nouvèl tranzisyon pou òganize eleksyon nan tèt peyi a, selon lòd gouvènman ameriken an pase l daprè Miami Herald.
Anplis sa yo, plizyè manm nan Kominote Karayib la (CARICOM) ap òganize yon seyans jounen jodi mèkredi anan peyi Jamayik. Se yon seyans ki pral fèt nan espas fèmen nan lide pou diskite sou kriz peyi a, sitou kriz ensekirite k ap taye banda nan peyi a.
Nan yon tan trè kout, fòs miltinasyonal entènasyonal la ta dwe depwlwaye nan peyi Dayiti, sa ki pral pèmèt yo retabli lapè ak estabilite nan peyi Dayiti. Akòz ensekirite k ap panike peyi a depi yon bon bout tan.
Sou kesyon demann demisyon an CNN li menm rapòte, anbasadris amerikèn nan Nasyonzini an, Linda Thomas-Greenfield fè konnen se pwosesis politik yo yo mande pou Henry fè prese prese. Malgre tout sa, gen yon pwopoziysyon ki ta dwe fèt ant Etazini ak manm Nasyonzini
jodi mèkredi 6 mas la nan lè 3è, se sa ki pral detèmine kisa k pral deside sou peyi Dayiti atravè kominote entènasyonal la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024