Jounen lendi 4 mas 2024, divès sitwayen ak manm pati politik Pitit Desalin mobilize nan vil Okap kont vini premye minis defakto Ariel Henry, ki te ale nan kapital Nayiwobi pou siyen yon akò pou vini fòs militè Kenyan yo nan peyi Dayiti.
Gwo panik ak tansyon nan vil Okap, plizyè pòtay biznis ak Bank fèmen jounen jodi lendi an. Paralèman, kèk paran te oblije kouri ale dèyè pitit yo lekòl byen bonè maten an.
«N ap kanpe goumen nou menm Pitit Desalin, nou pa vle okenn moun mouri anndan Ayewopò Okap la. Se rezon sa nou menm responsab Pitit Desalin, nou pran devan pou n vin pale avèk pèp la, pou di fòk ameriken tounen avèk Ariel Henry kote l te pran li an. Si se Kenya n ap kite l, kite l e si se lakay yo y ap kenbe l, kenbe lakay nou.», se deklarasyon yon manm Pitit Desalin nan yon videyo k ap sikile sou paj Tizo le spécimen.
Pou fini liy ayeryen «Spirit», deside anile tout vòl nan vil Okap pandan yon peryòd 3 jou akòz rezon ensekirite nan peyi a. Yon desizyon americain Airlines ak Jetblue te deja pran kote yo te anile tout vòl ki nan peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024