Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Plizyè polisye anba gwo menas aprè evazyon divès prizonye nan Pòtoprens

Mag Haiti by Mag Haiti
March 7, 2024
in Société
0
Plis pase 3500 prizonye sove kite penitansye nasyonal ayè samdi a

Nan yon rapò yo sòti ayè mèkredi 6 mas 2024 la, Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH), fè tout moun konnen gen plizyè polisye jounen jodi a k ap sibi menas nan men evade ki reprezante danje. Daprè sa yo revele, yo menm poukont yo ta gentan pale ak 4 polisye ki nan kategori sa.

“Kèk prizonye evade ki reprezante gwo danje deja kòmanse ap menase polisye(è) yo ki te patisipe nan operasyon ki te bout ak arestasyon yo. Sou pwen sa patikilyèman, RNDDH te pale ak omwen 4 polisye (è) ki jounen jodi a pè pou lavi yo, ak lavi manm nan fanmi yo“, selon enfòmasyon responsab yo bay nan rapò sila.

Nan ka sa, pou 2 prizon ki te kase nan lannuit 2 ak 3 mas la, yo fè konnen daprè chif Direksyon Administrasyon Penitansyè (DAP) yo te chaje ak prizonye ki t ap tann jijman yo, ki yo menm rive sove. Sa ki fè, pou penitansye nasyonal ki te gen 3 687 prizonye se sèlman 332 ladan yo(9%) ki te kondane. Kidonk 3 355 lòt ki egal ak 91 % t ap tann jijman yo, pou moman an 99 prizonye ki te deside rete yo selon responsab yo twouve yo nan Sant Reyensèsyon Timoun ki nan Pwoblèm ak lalwa(CERMICOL) annatandan dezisyon otorite penitansyè yo.

Pou sa ki konsène prizon sivil Kwadèboukè a li menm ki pa gen yon grenn prizonye ki te rete, nan dènye rapò DAP te fè 20 fevriye 2024 la, yo di te gen antou 1 036 prizonye ki te gen sèlman 231 ladan yo ki te kondane (22%). 805 lòt ki bay 78% te nan detansyon prevantiv. Mete sou sa nan komisarya Dèlma 33 a, gen 6 polisye ki te nan izolman ki yo menm chape poul yo depi 3 mas pase a.

Malgre tout sa yo, RNDDH kritike konpòtman polisye(è) yo ki jounen jodi a bandone lari Pòtoprens. Pou yo menm, se pa pi bon ajisman an paske okontrè prezans yo vle di anpil e l ka fè nou rejwenn kalm ki te genyen avan sa a.

Pou fini, rezo a mande pou sektè kle nasyon an degaje yo pou mete nan peyi a yon gouvènman ki pap pase anba pye dwa moun, ki ap gen ladan l fanm ak nonm ki dwàt, konpetan epi angaje. Mache pran tout evade yo, mennen ankèt sou prizon yo kase yo, ak sou polisye ki te sove kite komisarya Dèlma 33 a, arete, jije kondane tout sa k enplike nan konplotay kont sant sa yo, se pami rekomandasyon responsab yo fè.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 478
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Bandi ak zam piye epi mete dife nan sou komisarya Mache Salomon an

Next Post

Gouvènman ayisyen an dekrete eta ijans sou tout depatman lwès la pandan yon mwa

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Gouvènman an mande pou tout bagay fonksyone malgre eta ijans li te dekrete pou 3 jou a

Gouvènman ayisyen an dekrete eta ijans sou tout depatman lwès la pandan yon mwa

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,853)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (40,003)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,177)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,920)

Nouveaux Articles

  • L’Union Européenne sanctionne trois nouveaux chefs de gangs haïtiens
  • RNDDH denonse gaspiyaj vwayaj delegasyon 20 moun konseye Frinel Joseph pral fè a
  • ONU deklare vyolans gang yo an Ayiti reprezante gwo menas pou estabilite Karayib la

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?