Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Plizyè migran ki pran risk pati aletranje fè konnen se vyolans ki fè yo deside kite Ayiti

Mag Haiti by Mag Haiti
January 5, 2023
in Société
0
Plizyè migran ki pran risk pati aletranje fè konnen se vyolans ki fè yo deside kite Ayiti

Plis pase yon 100èn migran Ayisyen rive ayè madi 3 janvye 2023 a, nan Key Largo sou kot Florid la. Sila yo ki te pran lapawòl fè konnen, se akòz vyolans ki gen Ayiti ki fè yo aksepte vwayaje nan ti vwalye yo te debake a.

Osli Cheriscar, youn nan migran sa yo deklare bay jounal Miami Herald “gang k ap tiye pasi pala nan peyi a fè moun paka viv”, alòske se rezon sa li menm li bay pou jistifye prezans li nan kot Florid la, kote ki gen anviwon 3 lòt bato ki te debake ak migran kiben sou li daprè sa jounal la eksplike.

Daprè detay ki bay sou vwalye migran ayisyen yo ki te debake a, kèk Ayisyen ki te ladan l fè konnen li te sòti MòlSenNikola toupre zile latòti, epi yo te pran chimen lanmè a depi nan vandredi ki te 29 desanm 2022 a.

Pou kounya la, selon pòt pawòl gad kotyè a, Ryan Estrada, Ayisyen sa yo sou kontwòl otorite fwontalye yo, epi sila yo ki potko rive sou tè yo sou kèk anplasman gad kot yo.

Pou sa ki gen pou wè ak demach k ap tanmen pou avni migran sa yo, bò kote migran kiben yo, li ta sanble se ekspilsyon dirèk yo adopte. Alòske direktè egzekitif sèvis legal katolik yo, Randolph McGrordy plede pou otorite Ameriken yo ta aplike pwosesis “pè kredib” la pou Kiben yo.

“Yo òdone ekspilsyon rapid Kiben yo, sa m panse yo pa ta dwe fè san yo pa adopte okenn tip entewogatwa pou evite pèsekisyon”, se deklarasyon direktè egzekitif la.

Poutan nan bò pa Ayisyen yo, yo gen pou yo pase tès sa ki pote non “pè kredib” la, pwosesis McGrordy vle pou Kiben yo, nan zòn ladwan Dania beach. Tès sa ap gen objektif pou konnen si y ap depòte Ayisyen yo èske y ap pè sibi posib pèsekisyon yo oubyen si y ap ka jwenn posiblite pou mande azil Etazini.

Si sa fèt konsa, tousuit aprè y ap transfere yo nan nenpòt sant detansyon Etazini, nan lòt ka a si tès la pa reyisi y ap depòte yo nan peyi Dayiti, se sa jounal Ameriken an mansyone.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 1,789
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Fidèle à la tradition, Soup Libète a réussi sa cinquième édition

Next Post

4 séïsmes de magnitude, 2.6, 4.0,3.5, 3.9 enregistrés ce matin à Jérémie

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
4 séïsmes de magnitude, 2.6, 4.0,3.5, 3.9 enregistrés ce matin à Jérémie

4 séïsmes de magnitude, 2.6, 4.0,3.5, 3.9 enregistrés ce matin à Jérémie

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,763)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,988)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,149)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,908)

Nouveaux Articles

  • Komite sanksyon ONU an sanksyone gwoup gang Viv Ansanm ak Gran Grif
  • Prezidan KPT a mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé rapò sou plizyè dosye leta enplike ladan yo
  • Leta ayisyen ak anbasad amerikèn kondane dife gang mete nan otèl Oloffson nan

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?