• About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Sunday, January 29, 2023
  • Login
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact
No Result
View All Result
Mag Haiti
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Pa gen mwayen pou zam antre Ayiti san ladwann ameriken pa okouran daprè Ford Amosky

La rédaction by La rédaction
21 July 2022
in Société
0
Pa gen mwayen pou zam antre Ayiti san ladwann ameriken pa okouran daprè Ford Amosky
0
SHARES
108
VIEWS
Share on FacebookShare on Twitter

Ford AMOSKY, se non yon ekspè Ayisyen ki gen plis pase 15 lane epi anpil eksperyans nan zafè maritim. Pou kounya Ford responsab fè dokiman pou tout veyikil, kago pou tout karayib la, tankou: Amerik Santral ak Latin, Jamayik, Sendomeng, Ayiti elatriye. Se li ki responsab tout machin, kago k ap sòti Etazini, anplis se li ki fè dokiman tout suivi ak ladwàn, li gen biwo li nan Brooklyn, l ap fè travay sa depi 8 lane. Aprè tout eksperyans nan zafè maritim, Ford te etidye kominikasyon ak Marketing nan inivesite “Berkeley College” nan vil New York.

Ford genyen pou pi plis 8 ou 10 lane depi li t ap travay nan koze maritim nan peyi Ayiti, li te pran yon diplòm nan kago maritim, ayeryen, Terès ak dwa komèsyal nan akademi komès EGM nan Santiago RD.

Li te anplwaye nan MLH (Maritime Logistics of Haiti Ki vin andan CPS kounya). Li te vin sipèvizè operasyon pò k ap fèt nan “Aéroport Portuaire National/APN“, Pou MLH kote li te pase 5 lane. Se li ki te responsab tout operasyon ki t ap fèt nan pò a, tout bato k ap antre konntenè, kago, li t ap sipèvize tout bagay pou yo mache byen.

Aprè Tranbleman tè 12 Janvye 2010 la, Ford te kite peyi a pou ale Belgique, men aprè sèlman 2 mwa Belgique, li te resevwa yon demand pou vin Manager Depatman “North Bound & Traffic Manager” pou Seaboard Marine Haiti. Ford te oblije retounen Ayiti pou vin pran djòb sa kotel ta pral ranplase yon Manager ki tap kite peyi a pou ale Canada. Nan pozisyon sa, tout sa ki tap kite Ayiti pou ale USA se te responsabilite Ford pou prepare tout dokiman yo nèt de A jiska Z avan ak lè yo fin monte bato. Ford te Travay ak Ladwàn Ameriken Pou te asirel tout bagay te fèt jan lwa dwàn Ameriken mande sa. Fòk nou di tou ke Ford te genyen Asistan li ki te konn bal bon kout men.

Ford Amosky te pran san li pou l te eksplike nou nan yon entèvyou kòman yon bato sòti nan peyi Etazini pou li antre Ayiti.

“Pou yon bato kite yon pò pou l ale nan yon lòt pò anndan oubyen deyò peyi a, li bezwen prezante yon “Clearance” ki se yon dokiman ki jistifye nan konbyen pò ou te pase avan ou rive nan Pò Ayiti a. Dokiman sa genyen tout detay nèt sou pakou bato a. Lè bato a rive nan pò Ayiti, yo kenbe li an karantèn, kote Boarding Agent ki gentan resevwa yon pre manifès ki di men sa bato a anbake e ki gen tout enfòmasyon, li la pou li tann tout otorite ki responsab yo vinn verifye si tout bagay kòrèk. Pou yon bato antre Ayiti, fòk kapitèn bato a gen yon Checklist ki gen tout detay sou moun yo, depi kilè yo la, nasyonalite yo, paspò yo, tout dokiman ki legal ki ka pèmèt yo antre nan pò nan peyi Ayiti. Menm jan dwe genyen checklist vini fòk li genyen checklist ale tou pou lèl rive nan lòt pò aprè Ayiti a.”

“Lè otorite Ayisyen yo fin verifye tout bagay nèt, nou tcheke manifès ou premanifès, checklist, pafwa yo konn al vizite bato yo, antre nan tout chanm yo, si gen yon moun ki malad, doktè a gentan siyen pou otorite yo gentan konnen pou fè swivi yo pou koze lopital, elatriye.”

Sou dosye zam k ap plede antre ilegal nan peyi a, Ford di nou li pa fasil ditou pou yon bato ki gen zam sòti Etazini pou antre Ayiti. Rezon ki eksplike sa, se paske Etazini genyen sa yo rele CBP (Customs and Border Protection), ki la pou pwoteje lanmè, pwoteje fwontyè, pou pwoteje ayopò tout teritwa ameriken an. Se depi atak teworis la, yo te vin fòme kò sa ki nan “Homeland Security“, yo la pou verifye tout sa k ap rantre, tout sa k ap sòti nan peyi yo, yo verifye tout konntenè sa yo.

Yo Tcheke tout sa ki sispèk sou bato a, pi souvan yo itilize yon ekipman ki rele CT pou detekte bagay ki sispèk ki pèmèt yo fè radyografi konntenè ki ta genyen bagay ki dwòl san yo pa bezwen louvri li, yo enspekte kago yo nan 3 etap.

Premyeman, yo fè yon gwo enspeksyon, kote yo itilize “DR” ki se yon (Digital Radiography) pou yo enspektè konntenè ki ranpli anpil machandiz kap antre ou soti nan peyi yo.

“DR” la pèmèt ou verifye konntenè ki tou sou trelè yo. Lè yo fin itilize DR la, si yo idantifye yon bagay ki sispèk ladan li, otomatikman yo pranl mete yon kote pou kont li pou yon lòt enspeksyon, kote y ap ouvè l pou yo wè kisa ki anndan li. Yo fè sa tou pou machandiz k ap kite peyi a, yo eskane li pou yo ka konn kisa ki andan konntenè a.1

Pa gen okenn mwayen pou konntenè zam ki te Etazini pou li rive Ayiti ak dwòg, se paske moun k ap fè fwod yo gen koulwa, yo gen relasyon ak moun k ap eskane konntenè yo.

Lè nou mande Ford Amosky, eske genyen posibilite pou yon enstitisyon viktim sou yon kou monte pou yo itilize franchiz li san l pa konnen, men kisa li reponn:

“Nòmalman pa ta dwe gen erè nan zafè franchiz, pa ta dwe gen erè nan sa ditou, paske tout moun ki resevwa franchiz yo ta dwe gen yon nimewo inik ki lye ak òganizasyon oswa enstitiyon an ki benefisye franchiz sa, anplis yo gen yon “broker” yo afilye ak li k ap travay ak yo epi ki responsab pou fè dedwànman pou yo, broker sa yo toujou genyen anpil lane ap travay ansanm ak yo, kidonk pa ta dwe gen erè, lè gen yon kòmand ki fèt sou franchiz yo, se yo menm ki fè li. Sak pase ladwàn gen yon fay tou poutèt pa li kote moun li bay franchiz yo, oganizasyon ak enstitiyon ki genyen franchiz yo, ki genyen yon Broker, yon reprezantan yo bò ladwàn pou yo fè suivi.”

Ford kontinye pou l di: “Broker sa, lè li gen pwoblèm ak enstitiyon sa oubyen pap travay pou li ankò, lè yo revoke moun sa,enstitisyon an konn pa fè ladwàn konnen ke Broker a p ap travay pou li ankò epi prezante ladwàn yon lòt broker. Sa ki vle di gen posibilite pou Broker sa toujou fè menm travay yo, paske gen aksè ak dokiman enstitisyon sa, sitou si Broker a konnen tout magouy enstitisyon sa konn fè, si li konn fè vye bagay antre sou non franchiz li a. kounya la enstitisyon sa yo vinn nan difikilte pou li denonse broker sa yo ak pou l notifye ladwàn Broker sa p ap travay pou li ankò, broker sa gen kopi franchiz li a. Paske, broker a konnen tout sa enstitisyon an ap regle ak èd yo, li ka denonse l pou sal imaj akoz vye pratik li yo.”

“Gen de lè ansyen broker sa, kontinye fè sa li vle ak franchiz enstitisyon an, li itilize li ilegalman, li bay lòt enstitisyon nimewo franchiz sa pou li fè bagay vini sou non enstitisyon an, paske li konnen otomatikman bagay la vini l ap gentan notifye, l ap gentan pran verifikatè magouyè li yo.”

Sa vle di enstitisyon an koupab, menm si li pa konnen si ansyen Broker a toujou ap itilize franchiz li an pou fè lòt bagay antre nan peyi a.

Ladwàn tou ta dwe gen yon sistèm ki egzije tout moun ki gen franchiz, chak enpòtasyon ou fè, ou dwe vin notifye ladwàn, ou dwe vin pran yon otorizasyon pou enpòtasyon an, notifye ladwàn dat la epi kiyès ki broker, men ki nimewo w ap anrejistre pou ladwàn ba w otorizasyon kòm broker, ladwàn gen fay, paske li pa konnen lè broker yo p ap travay pou yon enstitisyon, enstitisyon yo pa di ladwàn kilè yon broker p ap travay ankò. ‘’Enstitisyon an paka denonse broker pou li pèdi lisans li, paske broker a ka denonse li tou. Si ladwàn bay enstisyon an yon franchiz pou 15 lane anyen pa fèt ankò.”

Pou yon ekspè ki gen tout lane eksperyans sa yo, Ford te tou pwofite bay kèk pwopozisyon pou amelyore sitiyasyon sa ki genyen gwo konsekans sou peyi a.

“Ladwàn ta dwe revize kòd dwanye a epi egzije tout sa k ap sòti lòt kote, fòk li resevwa premanifès oubyen manifès, bato 72 zè avan li antre, fok yo resevwa plan bato a pou konnen kote tout bagay pozisyone sou bato a, fòk yo resevwa yon enspeksyon egzije sòti nan pò bato a ap sòti a, kote CBP voye yon rapò, yon kopi rapò enspeksyon yo fè sou konntenè yo. Fok yo notifye ladwàn dwe revize depatman ki bay franchiz yo, fòk li egzije moun oubyen enstitisyon ki gen franchiz yo pou yo responsabilize moun sa kelkeswa fwod ki fèt sou li, si yo paka jwenn moun ki fè l la se li k ap sibi.”

“Fòk yo ta mete yon nòt pou di chak fwa enstitiyon sa ap fè yon enpòtasyon, fòk yo notifye ladwàn sou machandiz la, broker ap bay tout detay konsa pou ladwàn rebay yon lòt otorizasyon, konsa ladwàn ka antisipe kèk magouy ki gen pou fèt.”

Daprè sa Ford fè nou konnen, Magouy zam nan p ap kanpe tout tan Ladwàn pa antre an kontak dirèk ak “CBP” ak ladwàn nan peyi Etazini pou yo jwenn yon akò, paske li fè nou konnen peyi Etazini genyen patenarya ak kèk gwo konpayi ki pafwa egzonere. Konpayi sa yo konn pa sibi gwo verifikasyon vre, konpayi yo fè konfyans, kote yo di tout bagay ok, pandansetan se manti. Anplis, konpayi sa yo konn tou pwofite de konfyans sa pou vini ak bagay ilegal.

Li tou pwofite pou li di pouki rezon nou pa janm kesyone ladwàn ameriken sou koze zam k ap plede antre nan peyi a, pwoblèm nan se pa sèl Dwàn Ayisyen an ak enstitisyon yo oubyen moun ki resevwa li yo.

“M ap gade yo pa janm pale sou ladwàn ameriken, m pa konnen si se anbasad ameriken yo pè, yo pa janm kesyone pouki se ladwàn ameriken ki gen gwo aparèy modèn pou detekte tout ti bagay ki ka anndan yon konntenè, tout sa k ap antre lakay li kontwole, pa gen mwayen pou zam antre pou dwàn ameriken pa konnen, Ayisyen toujou pè CBP, toujou pè kesyone ladwàn Etazini sou zam kap plede antre yo.” Deklarasyon Ford Amosky.

Pou tout kesyon Maritime, cargo nou ka ekri Ford Amosky nan Email sa: thefordamoskyupdates@gmail.com

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022

Comments

commentaires

Nombre de vues: 4,129
Share on Facebook Share
Share on Twitter Tweet
Share on Google Plus Share
Share on Pinterest Share
Share on Linkedin Share
Share on Whatsapp Share
Send email Mail
Share on Viber Share
Share on Sms Share
Share on Messenger Share
Previous Post

La reprise des affrontements dans le département de l’Artibonite fait au moins 15 morts

Next Post

Le directeur de l’hôpital Saint-Boniface libéré après 9 jours de séquestration

La rédaction

La rédaction

Next Post
Kidnapping : 3 personnes, dont un pasteur, kidnappées ce samedi

Le directeur de l'hôpital Saint-Boniface libéré après 9 jours de séquestration

Discussion about this post

Covid-19 en Haiti

Coronavirus
Covid-19
Haiti World
+0 (24h)
34,008
Confirmés
0
+0 (24h)
860
Morts
0
96.99%
32,986
Guéris
0
0.48%
162
Actifs
+18,889 (24h)
674,692,946
Confirmés
0
+29 (24h)
6,758,403
Morts
0
95.88%
646,881,282
Guéris
0
3.12%
21,053,261
Actifs

Articles populaires

  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • « Il est impossible d’éduquer un peuple dans une langue qu’il ne parle pas », dixit Michel DeGraff

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Les 10 jeunes haïtiens les plus influents en 2021

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Une erreur de la DCPJ affecte gravement la vie du professeur Auriole Antoine

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Blondedy Ferdinand : accusée d’avoir volée la chanson de Karol G

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Les 10 jeunes haïtiens les plus influents en 2019

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Suivez-nous

A propos

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production. La société a pour mission de former et d’informer la population. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, nous avons pour objectif essentiel de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Recent News

Yon responsab nan RNDDH fè konnen lapolis pèdi 78 polisye depi lè Ariel Henry ap dirije

Yon responsab nan RNDDH fè konnen lapolis pèdi 78 polisye depi lè Ariel Henry ap dirije

29 January 2023
Ariel Henry garanti polisye yo y ap resi jwenn bon jan materyèl pou kwape bandi nan peyi a

Ariel Henry garanti polisye yo y ap resi jwenn bon jan materyèl pou kwape bandi nan peyi a

29 January 2023
Direktè Lapolis la lanse yon operasyon ki rele “Tònad 1” pou bay bandi repons

Direktè Lapolis la lanse yon operasyon ki rele “Tònad 1” pou bay bandi repons

28 January 2023

RSS T-check Haiti

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert
  • Désintox : non, La Cour suprême des États-Unis n’a pas annulé la vaccination universelle
  • Désintox: pas de preuve pour certifier que Robert Harry Bretous est toujours vivant
  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact

Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI © 2022

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Politique
    • Éditorial
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
  • Économie
  • Littérature
  • Culture
    • Culture
    • Event
    • Art
    • People
    • K-naval
    • Musique
    • Causerie
  • Santé
  • Sport
  • T-check
  • Konkou
  • Contact

Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI © 2022

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
X
Share this
Subject:
Message:
Ajax loader
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Support
    • Feedback
  • Log In