Yon jij nan Eta Florid mete yon manda dèyè rapè ameriken an, ki gen orijin ayisyen tou, Kodak Black pou zafè tès depistaj dwòg. Selon òdonans jij sa, lapolis dwe mete men sou sitwayen an kèlkeswa kote yo ta jwenn li, selon kèk medya ameriken.
Jij Barbara Duffy rive pran desizyon sa akòz yon tès depistaj dwòg rapè a pa t al fè, alòske li te dwe fè l depi nan komansman mwa fevriye a. Konsa, jij la estime rapè a vyole kondisyon yo te aksepte libere l pou lajan(75 000 dola vèt) aprè eskandal dwòg yo te jwenn nan machin li, jiyè 2022 a.
Poutan, medya yo fè konnen Bill Kapri ki gen non atis li Kodak Black, aprè l te finn rate premye randevou pou tès depistaj la pandan mwa fevriye a, te vinn teste pozitif ak yon sibstans ki rele “Fentanyl“(dwòg) kèk jou aprè l te resi deside vinn fè tès la nan ajans ki konsène pou sa a.
Pou kounya, daprè òdonans jij Duffy si tout fwa lapolis ta rive mete men sou atis Ayisyeno-ameriken an, li pap gen posiblite pou l jwenn libètè pou lajan. Men, Li ta dwe pase tan nan prizon jouskaske l parèt douvan lajistis pou plede akòz dwòg yo te jwenn nan machin li jiyè 2022 a, daprè jounal TMZ.
N ap raple atis la te nan prizon deja pou 3 ane, nan lane 2020 akòz li te korije kèk dokiman pou l te gen aksè achte zam nan Miyami. Sitiyasyon ki pa t diferan puiske lajistis ameriken ta pral mete men sou li akòz dwòg yo te jwenn nan machin li pandan ane 2022 a.
Photo: Musikexpress
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post