Pòt pawòl Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM), Ramón Gutíerrez deklare ayè mèkredi 30 novanm 2022 a, rapatriman migran Ayisyen yo pran pi piti tan pa rapò ak migran etranje yo. Nan sans sa, li mansyone avan yo depòte yon etranje gen divès lòt pwosedi ki pou respekte.
Daprè deklarasyon responsab migrasyon an, Kontrèman ak depòtasyon Ayisyen iregilye yo ki fèt nan sèlman yon jou, otorite migratwa dominiken yo sanble pran plis tan pou asire bon jan kondisyon pou migran etranje yo. «Depi yo fin arete ayisyen san papye yo, yo tou mennen yo nan sant detansyon kote yo tou depotè yo. Pou etranje ki pa Ayisyen yo, yo mande biyè avyon pou yo epi yo remèt rapatriye yo fomèlman nan men otorite yo», se sa jounal Listín Diario rapòte.
Si nou kwè pawòl Gutíerrez, gen pou pi piti 750 ayisyen iregilye, ajan migrasyon dominiken depòte chak jou, aprè sitwayen sa yo fin pase yon ti tan nan sant detansyon Haina. «Chif ki pi piti pou Ayisyen san papye ki rapatriye pa jou yo se 750», daprè pawòl reprezantan Direksyon Jeneral Migrasyon an.
N ap raple plizyè otorite dominiken pami yo prezidan Luis Abinader te demanti enfòmasyon ki ta vle fè kwè yo maltrete sitwayen Ayisyen yo lè y ap depòte yo. Alòske nan tout videyo ak foto k ap sikile sou rezo sosyal yo, nou remake kijan yo pase anba pye dwa konpriyòt Ayisyen nou yo nan lòtbò fwontyè a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022