Aprè enstalasyon konsèy prezidansyèl Tranzisyon a nan palè Nasyonal jounen jedi 25 avril 2024 la, Ofis Pwoteksyon Sivil pwofite salye yo epi fè yo plizyè rekòmandasyon nan yon nòt piblik. Yo mande pou li fè limyè sou asasinay prezidan Jovenel Moïse ak Batonye Monferrier Dorval epi lòt ankò.
«Enstans dwa moun lan egzije pou mete anplas yon komisyon verite ak jistis konfòmeman ak dokiman KTP a ki gen pou misyon mennen yon ankèt sou vyolasyon dwa moun ak krim espektakilè sa yo», se sa n ka li nan nòt piblik sa a. Li menm kontinye pou li mande jistis ak reparasyon pou viktim sa yo oubyen fanmi yo parapò avèk lwa 28 mas 1995 lan, yon lwa ki te vote akòz ankèt ak krim ki te fèt nan peryòd koudeta 29 septanm 1991 lan.
OPC ki se yon enstans Nasyonal endepandan k ap travay nan respè dwa moun di li pran konnen nominasyon 9 manm yo ki ta pral akouche enstalasyon yo jounen jodi jedi 25 avril la nan palè Nasyonal la. Li konnen tou prensipal objektif manda a se asire gouvènans atravè yon Akò politik.
«Konsèy sa a dwe adopte ak mete anplas atravè Enstans konsène yo, kèk dispozisyon apwopriye pou ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti ka reprann aktivite nan lide pou n epanye Ayiti yon lòt fwa sou kat mondyal la», se ofis la ajoute nan rekòmandasyon l fè ak nouvo konsèy prezidansyèl lan.
Òganizasyon dwa moun pa sispann fè pledwari pou divès zak vyolans ak agresyon ki te fèt. Yo menm mande konsèy prezidansyèl la pou li pran an kont asasinay 5 Brigad Sekirite Espas zòn Pwoteje (BSAP) ki te fèt nan dat 2 fevriye 2024 la, epi antere yo nan yon fòs komin san yon pwosè vèbal ak yon konsta jij lapè san prezans fanmi yo, se vyolasyon dwa moun.
Pou fini, Ofis Pwoteksyon Sivil mande konsèy prezidansyèl la pou li panche sou dosye jounalis pwofesyonèl yo ki te mouri ak agrese nan egzèsis fonksyon yo tankou Garry Tesse, Ronelson Vilcin, Jean Marc Jean, Lemy Brutus, Stanley Belford epi Imozan Wilbord.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024