Òganizasyon Mondyal Sante (OMS) fè konnen jounen jodi vandredi 19 avril 2024 la, li detekte nan lèt bèf nan peyi Etazini yo viris grip avyè H5NI, selon sa jounal Listín Diario rapòte.
“Li enpòtan pou n garanti pratik sekirite alimantè yo patikilyèman nan konsomasyon pwodui lèt ki trete yo“, selon pawòl chèf pwogram OMS la, Zhang Wenquing fè nan kad pou prevansyon kont grip avyè H5NI yo dekouvri a.
Alòske òganizasyon k ap jere sante nan mond la di l ap kontinye siveye pi prè divès ka Etazini yo, yo te rive jwenn premye ka H5NI la nan dat premye avril ki sot pase a. Se te kay yon fi k ap travay nan koze fè lèt nan zòn Tekzas, poutan yo di premye transmisyon maladi sa fèt ant bèf ak avèk moun.
Nan dènyè moman yo, yo fè konnen yo jwenn epidemi sa sòti kay zwazo pou yo ale sou bèf, aprèsa li sòti nan bèf yo pou ale enfekte moun, selon sa OMS rapòte nan kad rechèch yo fè sou sa. Kidonk, maladi grip sa gen divès mwayen moun kapab pran l kontrèman ak sa n te konnen anvan an, pou fè konnen responsab pwogram nan.
Diplis, Ò Mondyal Sante an kolaborasyon avèk Òganizasyon pou Alimantasyon ak Agrikilti (OMS/FAO) gen posibilite pou yo fè yon lòt evalyasyon ankò sou grip avyè H5NI lan.
“Se enkyetan, men sa ba nou ankourajman pou n siveye youn nan pi gwo maladi yo» selon sa òganis la ajoute nan atik jounal Listin Diario ekri a. Pou fini, yo fè konprann y ap rete veyatif parapò avèk posibilite pou viris sa evolye sa ki ka pèmèt li transmèt avèk moun yo, se pou sa yo envite pou lòt peyi yo kolabore ak yo nan fason sa.
“Nou mande avèk tout peyi pou yo rete vijilan, sinyale rapid evantyèl enfeksyon moun nou jwenn yo, pataje avèk nou sekans epi done, pandan n ap ranfòse mezi biyo sekirite nou yo nan eksplwatasyon pwodui agrikòl yo“. Se deklarasyon responsab la.
Credit Photo: Fréquence médicale
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024