Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Nouvo masak nan Bèlè : Gwo akizasyon peze sou do lapolis ak gang G9 an fanmi e alye

Mag Haiti by Mag Haiti
March 31, 2023
in Société
0
Nouvo masak nan Bèlè : Gwo akizasyon peze sou do lapolis ak gang G9 an fanmi e alye

Kèk semèn aprè gwo masak ki te genyen nan zòn Bèlè a, moun nan zòn nan deside pale bouch louvri kote yo lonje dwèt sou gang “G9 fanmi e alye” ak lapolis kòm moun ki ta responsab zak vyolans sila ki koute lavi plizyè fanmi ki pase anba flanm dife ak anba bal.

Selon temwanyaj kèk moun nan zòn Bèlè atravè plizyè videyo k ap sikile, masak sa ki te fèt nan dat 16 mas 2023 a, se ta zèv prezime chèf gang G9 an fanmi e alye a, Jimmy Cherizier ak akolit li yo. Nan menm sans lan yo akize tou, kèk polisye ki te debake nan chablennde nan tèt kole ak gang yo pou te vin masakre popilasyon an epi boule kay viktim yo.

Yo fè konnen tou nan jou masak sa, prezime bandi yo te mache ak tout kalte materyèl pou te vin met dlo nan je yo. Gwo zam fannfwa, manchèt, gwo galon jòn chaje ak gazolin, se te pami materyèl yo te itilize pou te masakre pèp Bèlè a.

“Yo pran anpil moun y ale avèk yo, yo boule yo tou vivan, yo mete dife, yo tire 2 moun ki te la nan figi nou yo ale ak yo, elatriye. Mwen menm se bon pye m ki sove m ansanm ak timoun mwen yo“, daprè deklarasyon yon madanm ki fè konprann depi aprè zak vyolans sa yo se nan lari douvan pòt kay moun l ap dòmi ak 5 pitit malgre li son w moun malad.

Yon lòtbò, plizyè lòt moun rive fè vwa yo pase jodi jedi 30 mas la, nan kèk videyo k ap sikile sou rezo sosyo yo kote y ap rakonte kòman yo pèdi pwòch yo nan zòn lan. Se menm ka a tou pou grenn fanmi sa ki pèdi yon jèn dam 35 lane, kote ni manman viktim lan ak tout pitit fi li fè konnen bandi kankannen dam lan .

“Nèg yo pran manman m yo ale ak li tou vivan lè m rele sou telefòn manman m lan yo di m yo gentan boule li. Papa m mouri menm jan an kounya m lage pou kò m“, se kri jèn fi 17 lane sa ki rive pèdi ni manman l ni papa l nan atak prezime gang yo te fè yo sou yo.

Nan bò pa manman viktim lan, se ak dlo nan je li te pran rakonte avan atak la li te avèk Bethie Saint-Louis, ki se non dam sa ki pase anba flanm dife prezime bandi yo, men sa ki pi tris pou li se tande pitit li a mouri kankannen pandan l kite yon pitit fi 17 lane nan men li san l pa gen okenn lespwa lavi miyò.

“Lè yo di m men pitit ou a ap griye la, se lè sa m te konnen yo pran pitit mwen an yo te ale avèk li. M mande jistis pou Bethie Saint-Louis yo pran l y ale avè l, se li menm ki te tout lavi m, se yon granmoun mwen ye se li menm ki te konn tout afè m. Yo kase ponyèt mwen, yo pran pitit mwen an yo ale avè l, m mande jistis pou pitit mwen an“, se kri manman viktim lan.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 707
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

La PNH dit reprendre le contrôle de Vivy Mitchell, théâtre de tirs nourris ce jeudi

Next Post

Prezidan RANAMSAP la denonse gouvènman an ki pa amelyore lavi madan Sara yo

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Prezidan RANAMSAP la denonse gouvènman an ki pa amelyore lavi madan Sara yo

Prezidan RANAMSAP la denonse gouvènman an ki pa amelyore lavi madan Sara yo

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,421)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,905)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,011)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,805)

Nouveaux Articles

  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out
  • « Inisyativ 24 avril 2025 » deklare aprè 7 fevriye se nan kou kasasyon nouvo dirijan peyi a ap sòti
  • Dosye Jovenel Moïse : Lakou dapèl envite Martine Moïse ak plizyè lòt pèsonalite pou tande yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?