Nan yon kominike òganizasyon Nasyonzini (ONU) fè konnen nan dat ki te mèkredi 3 Avril 2024 la, se chak jou gwoup gang ap vin pi fò, pi rich epi pi endepandan nan pratik zak kriminèl yo puiske achte zam ak minisyon se mwayen ki penmèt yo okipe plis tèritwa nan peyi a.
Òganizasyon Nasyonzini te eseye jwenn kote zam ak minisyon sa yo sòti pou ateri nan Repiblik d Ayiti, anplis ki kantite lajan sa ka koute yo epi lit yo pral gen pou mennen pou anpeche sa yo.
«Zam kòmanse ogmante nan peyi a depi an 2021, tankou fizi AK47, ki fèt Larisi, AR15 ki fabrike Etazini epi Galil ki fèt an Izrayèl», se sa a Òganizasyon Nasyonzini Kont Dwòg epi Krim (ONDUC) sinyale, yo ajoute tou se sa a ki vin penmèt bandi yo gen yon kantite zam parapò avèk Lapolis la.
Stiyasyon ensekirite ak enstabilite an Ayiti pa sispann kreye panik ak enkyetid pou rejyon an, plis zam ap antre se plis gwoup gang yo ap okipe kèk pwen estratejik pò yo epi wout yo pou kanpe machin lè y ap pase.
«Òganizasyon entènasyonal la idantifye 4 kote zam pase pou yo rantre Ayiti, gen 2 Konntenè youn ki sòti Florid pou rive Pòtoprens, yon lòt sòti nan kot Nò ak Lwès la pou pase Tikennkaykòs ak Bahamas, gen sa a ki pase nan bato pechè pwason yo oubyen vin nan ti avyon ki pase Sendomeng pou ateri nan vil Okap la», selon rapò Òganizasyon Nasyonzini Kont Dwòg epi Krim (Onudc).
«Sitiyasyon ensekirite Ayiti ap konnen an se premye fwa mwen viv sa depi 20 lane m ap travay nan rejyon Karayib la, li vrèman nesesè pou jwenn estabilite nan kriz sekirite a pou n ka amelyore ak bay posibilite pou kontwole tout fwontyè nan rejyon a», se deklarasyon sa a, reprezantan rejyonal Nasyonzini nan Lamerik latin ak Karayib la, Sylvie Bertrand bay.
Li enpòtan pou n konnen gen anviwon 23 gwoup gang k ap opere nan zòn Metwopolitèn nan, ki divize an 2 kowalisyon : Gpèp ki gen nan tèt li chèf gang Ti Gabriel epi G9 ki gen ladan l Jimmy Cherisier alyas Babekyou.
Pandanstan sa a, òganizasyon Nasyonzini atravè ekspè li mansyone gen ant 150 ak 200 gwoup gang an Ayiti. Yon fenomèn gang ki la depi lontan nan peyia ki sòti depi nan lane 1950 nan listwa Ayiti, toujou selon reprezantan an.
«Majorite Trafik zam yo vin nan vwa ayeryen, terès epi maritim, distibye bay Gpèp ak G9 ki se 2 pi gwo gwoup gang an Ayiti k ap ofri bay lòt yo mwayen», selon Robert Muggah nan kad enfòmasyon li bay nan rapò sa a. Li fè konnen tout priyorite n [ONU] dwe chita sou ranfòse enstitisyon polis an Ayiti a.
Sòti janvye pou rive fevriye, gen 379 moun yo kidnape e nan 3 dènyè ane yo bandi ak zam mande ant 7000 ak 500000 Dola Ameriken pou yo libere moun sa yo.
«Se youn nan pi move listwa nan tan modèn nan k ap pase la kote bandi yo pran divès enstitisyon kòm sib yo tankou Arewopò entènasyonal Tousen Louvèti, Palè Nasyonal, Teyat Nasyonal, Lopital yo, lekòl yo, kazenn polis yo, ladwàn epi pò yo», pou avanse ekspè nan Òganizasyon Nasyonzini an.
Boutofen, nan lide pou n redui prèske nèt kantite zam k ap rantre nan peyi a, ajans nan Nasyonzini ap gen pou fòme inite kontwòl pou siveye pò yo, Ayewopò yo, l ap gen ladan l polisye ak ajan ladwàn epi gadkòt pou penmèt yo idantifye ak enspekte Konntenè epi kagezon ki gen risk yo pandan yo pral gen pou itilize rada ak lòt materyèl ankò, selon sa a madanm Bertrand rapòte.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024