Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Moun Saint-Louis du Sud di y ap bloke wout yo si bato siman an pa debake nan pò yo a

Mag Haiti by Mag Haiti
November 5, 2023
in Société
0
Moun Saint-Louis du Sud di y ap bloke wout yo si bato siman an pa debake nan pò yo a

Tousuit aprè otorite ladwàn yo ta derefize bay otorizasyon yo pou yon bato siman ki sòti nan peyi Kolonbi ki rive nan pò Saint Louis du Sud la debake, jodi vandredi 3 novanm 2023 an, abitan yo tanmen bloke wout Nasyonal nimewo 2 a yon fason pou voye yon mesaj klè bay tout moun ki anpeche bato sila debake lakay yo.

“Fòk bato a debake(FBD)”,se nouvo eslogan ki vle fè chimen l jounen jodi a bò kote moun Saint Louis du Sud yo ki vle pou pò yo a kapab fonksyone nòmalman epi pou bato siman sa ki gen 3 jou depi l sòti nan peyi Kolonbi ki jouskaprezan nan pò a kapab resi debake jan yo swete l la. Menm jan sa te fèt pou mobilizasyon konstriksyon kanal la nan Wanament, se konsa tou moun nan Sid yo mobilize pou bato sila ki gen anviwon 80 000 sak siman pa al debake lòt kote osnon nan pò a.

“Pa aksepte bato ki pote siman an ale lòt kote, li lè li tan pou pò entènasyonal Saint Louis du Sud la fonksyone“, daprè mesaj kèk moun nan kominote a tanmen voye bay popilasyon an.

“Pèp Saint Louis du Sud, kanpe goumen pou n pete kanal nou. Fòs ak limyè pou pèp k ap goumen pou dwa ak otodetèminasyon yo“, se sa pòt pawòl komite konstriksyon kanal la, Wideline Pierre ekri sou kont Fesbouk li toujou nan lide pou kore revandikasyon moun nan Sid yo.

Nan menm sans sa, ansyen senatè Edwin Daniel Zenny tout moun konnen sou non Edo Zenny fè konnen l ap sipòte mouvman sa a tou paske li di fòk pò Depatman an kapab sèvi popilasyon an menm jan pò ki nan Pòtoprens yo fonksyone nòmalman yo.

“Pò Sid la fò l ouvè e fòk tout moun nèt met granmoun sou yo pou fè l ouvè”, se sa ansyen palmantè a deklare jodi a, pandan l fè konnen pyès moun nan gouvènman Ariel Henry a pa ta dwe kanpe an fas aktivite ekonomik moun yo ap batay pou li nan zòn Sid la.

N ap soulinye reyaksyon sa yo vini se aprè enfòmasyon yo ta fè kwè otorite dwanye yo ta gen entansyon pou fè bato siman an vinn debake nan lakou Pòtoprens olye pou yo ta kite yo debarase l nan Sid peyi a. Alòske, kèk responsab te fè kwè tout demach te gentan finn fèt pou bato siman an te rive debake toutbon vre nan pò entènasyonal depatman Sid la.

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 1,363
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

À cause du blocus haïtien, la RD perd plus de 100 millions de dollars US par mois

Next Post

Clap de fin pour Harmonik et Sanders Solon, après 15 années de musique

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Clap de fin pour Harmonik et Sanders Solon, après 15 années de musique

Clap de fin pour Harmonik et Sanders Solon, après 15 années de musique

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,356)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,875)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,981)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,782)

Nouveaux Articles

  • Haïti bénéficiera 283 millions de dollars venant de la Banque interaméricaine de développement
  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?