Jounen jodi samdi 13 me 2023 a, popilasyon nan Gonayiv boule omwen 4 prezime bandi ki te genyen plizyè sachè plen bal nan men yo. Zak sila pase devan komisarya Tousen Louvèti a, aprè lapolis te finn arete endividi sa yo.
Aprè Lapolis Nasyonal Dayiti te rive kanpe yon ti bis, yo te rive mete men sou anviwon 7 endividi ki sispèk. Aprè arestasyon an, popilasyon an sou lòtbò pa li te pral pran 4 nan men polisye yo epi touye yo ak mete dife sou sou yo selon plizyè foto ak videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo. Lòt 3 yo ta anba men lapolis selon enfòmasyon yo.
Aprè zak sila te fin pase, plizyè moun te rete ap asiste endividi yo k ap boule.
«Yo pa respekte moun, avanse pou nou filme yo, se bwa kale li ye», se te deklarasyon kèk moun nan popilasyon an ki t ap obsève prezime bandi sa yo k ap boule nan komin Gonayiv la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023