Alòske pwoblèm ensekirite a ap taye banda nan peyi a, Medsin San Fwontyè li menm kontinye ap ogmante sèvis medikal li nan kapital peyi Dayiti. Konsa, nan lide pou l pran an chaj kantite moun k ap blese chak jou, presizeman fanm yo, timoun yo epi granmoun yo responsab yo renouvle pwomès yo bò kote popilasyon an.
“50 kabann ki nan Lopital Taba tout okipe depi kòmansman mwa fevriye, men 28 fevriye sitiyasyon an te ogmante, sa ki te fè n ajoute anviwon 20 anplis sou li pou rive avèk 75 kabann. Nou resevwa an mwayèn 5 ak 10 ka nouvo ka chak jou, men nou travay nan limit kapasite nou”, selon deklarasyon Mumuza Muhindo Musubaho, chèf misyon MSF la.
Pandanstan, plizyè lopital yo menm kanpe travay yo nan peyi a akòz sitiyasyon panik ak vyolans la, Medsin San Fwontyè bò kote pa l te relouvri sant ijans nan zòn Tijo a, 2 semèn egzakteman nan lè li te prevwa fè sa. Anplis, Medsin San Fwontyè ouvè ankò yon nouvo sant avèk 25 kabann nan komin Kafou nan dat 4 mas la, toujou nan lide pou ogmante kapasite yo nan plizyè zòn nan Pòtoprens la.
Sou lòt bò a, Medsin San Fwontyè (MSF) fè konnen gen anviwon yon milye moun ki kite lakay yo dènyè jou sa yo akòz afwontman nan katye yo, tandiske aktyèlman MSF te oblije sispann tanporèman tout sèvis klinik mobil li yo nan plizyè site. Ensekirite nan Pòtoprens la ogmante tou kantite vyolans seksyèl dènyè jou sa yo, sa ki pèmèt yo soulinye yo krent pou chif yo pa ogmante plis ankò, paske nan 2023 a, Medsin San Fwontyè te pran kòm chaj plis pase 4000 moun ki te chape anba vyolans seksyèl.
Divès katye nan vil la aktyèlman la ap fè fas avèk vyolans, Akòz kriz politik, ekonomik epi sosyal k ap frape peyi a sitou aprè asasinay prezidan Jovenel Moïse depi nan lane 2021 an. Prensipal pò peyi a vin vrèman difisil pou li sèvi akòz dividal presyon ak ensekirite ki genyen nan prèske tout rakwen vil la. Ayewopò Toussaint Louverture fèmen tou depi kèk jou nan peyi a.
“Nou vrèman enkyete paske aksè n te genyen pou n estoke materyèl medikal nou yo vrèman nan difikilte, akòz sitiyasyon pò a e anplis enposibilite pou pousib demach administratif ladwàn nan. Nou krent pou n pa fè fas avèk estòk medikal ki fini, pandan nou vrèman nan nesesite pou n reponn avèk kokennchenn bezwen sante moun yo pou moman kounya”, pou ajoute chèf misyon MSF la.
N ap raple an 2022, peyi a te pral konnen yon moman difisil yo te rele «Peyi lòk», sa k te pral anpeche aktivite ekonomik la, anpeche moun achte dlo(trete ak dlo basen)ak gaz, sa ki te pral lakòz divès etablisman sante te kanpe aktivite yo. Kidonk Mumuza Muhindo Musubaho fini pou di “sistèm sante Pòtoprens la ap konnen yon lòt fwa ankò anpil presyon epi anpeche n reponn avèk bezwen moun yo”.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024