Nan yon nòt lekòl «Sacré Cœur» sòti jodi 3 mas 2023 a, direksyon lekòl la anonse yo fèmen pòt yo depi jodia. Desizyon sa rive pran akoz yon elèv yon prezime bandi te kidnape nan jou ki sot pase yo douvan pòtay lekòl la.
Menm jan tout kouch nan sosyete a pa epanye ak zak kidnapin bandi ap fè toupatou nan peyi a, se konsa nou menm tou nan sektè edikatif yo rive viktim.
Nan sans sa, lekòl Kongreganis «Sacré Cœur» anonse li fèmen pòt li akoz kidnapin ki pa sispann fèt nan zòn enstitisyon an.
Pandanstan, yo fè konnen tout kou y ap kontinye fèt anliy semenn pwochenn, menmsi p ap gen egzamen pou elèv yo pou peryòd la. Yo estime kondisyon yo pa reyini pou sa rive fèt.
«Akoz evenman ki pase dènye jou sa yo nan katye yo, nou pran desizyon pou kontinye kou yo anliy depi semèn k ap vini la», daprè sa ki di nan nòt la.
Nan yon lòtbò, yo te tou pwofite voye yon mesaj klè pou gouvènman an, kote yo mande yo pran responsabilie parapò ak sa k ap rive popilasyon an pou tout moun kapab sikile lib, libè pou y al regle zafè ki konsène yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023