Aprè yon gwo tantativ nèg ak zam yo te eseye fè nan lannuit vandredi 8 mas 2024 la, pou te atake Komisarya Pòtoprens ak baz Inite Depatmantal Kenbe Lòd la (UDMO), lapolis te rive repouse yo e touye plizyè nan yo. Pandantan sa, endividi ak zam te tou pwofite mete dife nan kèk machinn ak yon jeneratris ki nan lakou Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal nan menm sware a.
Ayè vandredi a, depi anviwon 7è nan aswè nèg ak zam te kòmanse atake plizyè zòn tankou channmas espesyalman nan ri Chavàn, ri Kapwa, Avni Maglwa Anbwàz, elatriye. Sepandan, kontrèman ak enfòmasyon ki te fè kwè yo te pike dife nan lokal ministè enteryè a, se pito plizyè machinn ak yon jeneratris nan espas la yo te rive boule, kote batiman an resevwa plizyè enpak bal tou. N ap fè konnen, Ministè a chita kò li sou channmas la, se yon batiman ki te inogire sou rejim gouvènman Michel Joseph Martelly ak Laurent Lamothe la, nan dat 5 fevriye 2016.
Pandan gwoup gang 5 segond la nan bò pa l t ap banbile pou 6 lane yo depi y ap simen laterè sou popilasyon ayisyen an, se sa konsa tou nan menm tan an yo te tou pwofite mennen plizyè operasyon nan divès zòn nou sot site la yo. Sepandan, lapolis li menm te rive touye plizyè nan yo a, pou kounya nou poko an mezi pou bay chif kantite ki ta tonbe yo.
N ap raple nan yon rapò Fondasyon Je klere te mete deyò jedi ki sot pase a, li te mansyone Izo 5 segond te fè konnen kou li fin kase Penitansye Nasyonal, se pral tou pa Palè Nasyonal. Avèk plan sa yo, ta sanble se yon ajannda ki byen defini pou mete dife nan byen prive yo ak byen leta yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024