Plizyè endividi ak zam ki te nan gwoup G9 an fanmi e alye yo ta jwenn lanmò yo nan lannuit vandredi 15 mas 2024 la. Nèg sa yo rive tonbe, se nan afwontman lapolis te gen ak yo pandan lannuit la, kote bal pa t sispann chante nan zòn ba Dèlma egzakteman nan zòn gwoup gang Jimmy Chérizier alyas Babekyou ap dirije a.
“Se te CIMO UDMO, SWAT ki t ap frape“, se sa yon sous polisyè nou ka fè konfyans fè n konnen san plis detay. Sepandan, malgre poko gen okenn chif ofisyèl abitan nan zòn toupre yo fè n kwè operasyon sa ki fèt la se yon kou sipriz ki lakòz gen plizyè endividi ak zam ki mouri anplis ta gen manm popilasyon an tou ki jwenn lanmò yo.
N ap fè konnen, se premye operasyon ki fèt kont moun ak zam ki reyini anba non “viv ansanm” depi lè yo te kòmanse avèk divès atak kont lapolis yo. N ap raple tou, afwontman sa rive fèt kèk jou aprè kò gang yo te piye epi boule lakay direktè jeneral lapolis la, Frantz Elbé.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024