Lapolis nan tèt kole ak Brigad Pwoteksyon Minè(BPM) arete jodi madi 21 mas la Difrance Gamby pou enplikasyon prezime li nan pratike abi seksyèl epi vyole ti gason. Arestasyon sitwayen an vini aprè responsab òganizasyon “Famille Kizito” yo te depoze plizyè plent kont li.
Selon eleman enfòmasyon lapolis bay, Difrance se ta yon moun ki ap travay nan plizyè sant akèy òganizasyon relijye sila a. Se nan menm kominote sa tou responsab yo rive denonse zak seksyèl li fè sou plis pase yon dizèn ti gason ki gen sòti nan 11 pou rive 17 lane.
“Li jwenn arestasyon l pou enplikasyon prezime l nan dosye abi seksyèl sou plis pase yon dizèn ti gason ki gen sòti 11 an pou rive 17 lane. BMP/DCPJ te resevwa plent kèk responsab kominote relijye ki rele “Famille Kizito” a ki gen plizyè òfelina pou timoun san espwa yo. Akòz plent sa yo, yo rive denonse sitwayen sa, ki gen non Difrance Gamby k ap travay nan menm enstitisyon an, nan fè abi seksyèl ak vyòl sou timoun”, daprè sa Kòdinasyon Près Lapolis la(CPRP) fè konnen.
Nan menm sans lan, lapolis soulinye gen demach ki gentan fèt nan kad dosye sa, kote akize a te deja al reponn kesyon Direksyon Santral Polis Jidisyè a(DCPJ), epi yo di yo te eseye jwenn egzamen medikal pou te jwenn yon konfimasyon pa rapò ak zak yo repwoche l yo.
Pou kounya, otorite polisyè yo fè konnen sitwayen an nan prizon jouskaske lè l rive pou l al plede kòz li douvan lajistis.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023