Nan yon operasyon lapolis depatman Sidès te tanmen nan lannuit vandredi pou rive samdi 2 desanm 2023 a, otorite yo fè konnen yo arete 10 prezime bandi ki t ap opere nan lokalite Figye nan zòn Marigo, epi yo fè konnen tou yo sezi plizyè zam nan men yo. Selon sa otorite yo di, yo mennen operasyon sila tousuit aprè yo te vinn konnen gen yon gwoup gang ki te vinn enstale yo depi kèk jou nan lokalite a.
Pami moun yo arete yo nou jwenn Mackendy, ak Junior Sainsurin yo idantifye kòm 2 frè epi manm aktif gwoup gang Gran ravin nan. Aprèsa, nou jwenn Wilken Louissaint, Jean Fredly Faustin, Dieufaite Coffy, Anderson Pierre alyas ” Anis“, Stanley Sainsurin( frè Junior Sainsurin), Alienson Clerveau, Jean André Joassaint, Djouby Joassaint, Rood Jeef Duverger, ak Lavoiyis Pierre.
Responsab polisyè yo akize gwoup nèg sa yo kòm moun ki konn vyole moun, rale zam ak fouye chofè moto, vòlè moto sitwayen ki ap viv nan lokalite Figye.
Nan kad menm dosye sila, lapolis soulinye yo sezi 3 zam, 2 nan yo fèt nan fòm atizana, tandiske lòt la selon sa yo di, se ta yon fo zam. Konsa tou, yo fè kwè yo jwenn efektivman kèk pyès moto lakay youn nan akize yo ki se Jean Fredly Faustin.
Pou kounya, endividi sa yo nan men lapolis nan Sidès, jouskaske lajistis ayisyèn ta deside jije yo epi ba yo santans yo merite, selon divès zak yo rive repwoche yo a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023