Jodi madi 19 desanm 2023 a, Kousiprèm nan Eta Colorado mande pou retire tout bilten vòt Donald Trump yo pou eleksyon primè yo. Responsab yo ta pran desizyon sa akòz dega patizan ansyen prezidan ameriken an te fè nan Kapitòl la, nan lane 2021.
Pami 7 Jij ki te gen pou pran desizyon aprè sa ki te rive nan Kapitòl la, genyen 4 ki rekonèt responsabilite Donald Trump. Nan sans sa, Eta Colorado di ansyen prezidan Repibliken an pa dwe patisipe nan eleksyon ki ta dwe fèt 5 mas 2024 la. Yo fè konnen desizyon sa yo ta dwe valab aprè 4 janvye 2024, ki se peryòd kote bilten vòt yo ta dwe anrejistre. Pandantan sa Donald Trump ka toujou eseye fè yon apèl nan Kousiprèm lan.
Pòt pawòl Trump la, Steven Cheung, fè konnen se yon vye desizyon Kousiprèm nan pran. “Nou prale lajistis pou nou ka mande pou sispann desizyon sa ki pa genyen anyen pou wè ak demokrasi”, selon pòt pawòl la. N ap raple Donald Trump te pèdi Eta Colorado a nan eleksyon ki te fèt nan lane 2020 an.
Selon plizyè obsèvatè, Eta sa pa ka anpeche Trump prezidan, men difikilte yo ka vini se si gen lòt Eta ki ta deside aji menm jan an, pou anpeche Trump anrejistre nan eleksyon primè yo.
Crédit Photo: Europe 1
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023