Aprè lanmò antreprenè ak lidè politik Éric Jean Baptiste nan jou vandredi 28 oktòb 2022 a, nan Laboul sou komin Petyonvil, Komisè gouvènman Pòtoprens lan Jacques Lafontant, mande pou yo tande 2 nan Jounalis emisyon “Matin Débat” sou chenn 4, ki se Luckner Désir ak Ésaüe César.
Komisè gouvènman Pòtoprens lan Jacques Lafontant, vle kòmanse yon ankèt sou zak asasinay mèt bòlèt “Père Éternel” la, kote li vle idantifye rasin lanmò sa.
Paralèlman, jounalis Ésaü César ki se youn nan animatè emisyon sa yo te gentan anonse lanmò Éric Jean Baptiste prezidan RDNP (Rassemblement des démocrates nationaux progressistes) sou baz se revelasyon yon gangan fè nan peyi a. Yon videyo k ap sikile epi k ap fè pale anpil sou rezo sosyal yo.
Éric Jean Baptiste ki se ansyen kandida pou prezidan nan dènyè eleksyon an te rive tonbe anba bal bandi nan Laboul. Yon lanmò ki sekwe peyi a parapò ak reyaksyon yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022