Aprè desizyon pou mete nan tèt peyi a yon konsèy prezidansyèl, divès aktè sòti tèt yo jodi madi 12 mas 2024 la pou kritike oubyen kore desizyon sa. Lide Konsèy sa adopte nan rankont ki te òganize ayè 11 mas 2024 la, ant Kominote Karayib (CARICOM) la, Lafrans, Kanada epi Etazini nan peyi Jamayik, presizeman vil Kingston.
“Nou menm nan Akò Montana, nou te toujou fè referans avèk konstitisyon 1987, men ki fason pou moun ranpli pou okipe pòs prezidan an, premye minis epi minis nan peyi a, si w te gen lajan leta, fòk ou gen dechaj. Si w te enkilpe ak komèt krim ou paka patisipe nan leta, se pa CARICOM ki pwopoze l”, daprè sa manm Konsèy Nasyonal Tranzisyon (KNT), André Lafontant Joseph fè konnenn.
Pandan gen pwoblèm ensekirite ak eleksyon an, nan kad diskisyon rapid Kominote Karayib la ak lòt peyi ankò te fè nan peyi Jamayik la, yo te pral abouti ak rezolisyon sa pou yo etabli yon konsèy prezidansyèl ki pral gen 7 manm ladan l. Divès pati ak aktè politik chwazi reyaji kont pwopoziysyon sila kounya.
Selon Jean Hilaire Lundi, ki se pòt pawòl Revèy Ayiti a CARICOM pa ka fè anyen pou peyi a. “Mwen wè tout moun ki t ap fofile, tout moun ki t ap negosye pou ki te antre nan gouvènman Ariel Henry an, kounya yo tout kanpe anliy pou al pral pote dosye bay CARICOM pou vin dirije peyi a. Kisa ki CARICOM nan? Pou yo ta vin dirije peyi a”, se estimasyon pati sila ki rete pwen fèm sou moun ki ta dwe fè pati konsèy prezidansyèl la, puiske yo te toujou ap pwone yon konsèy avèk 3 manm.
“Nou sòti rezolisyon kote nou dezinyen 3 manm nan konsèy la: Guy Philippe, mèt Durin Duret Junior, madanm Françoise Saint-Vil Villier pou fè pati konsèy sila osnon okenn nan yo p ap ka vin enstale nan tèt palè Nasyonal la“, pawòl pòt pawòl Revèy Nasyonal pou Souverente Ayiti ajoute.
Sou lòt yon bò nou jwenn gwoupman politik ki gen ladan l, Montana ak fanmi Lavalas, sektè relijye ak prive a, elatriye. Gwoup sa yo pral gen pou remèt bay CARICOM yon lis kote y ap pwopoze egzakteman kiyès ki pral fè pati konsèy prezidansyèl sa.
“Nou te plede pou yon konsèy konsiltatif, yon konsèy ki pou ede egzekitif la atravè yon fèy wout pou gade l oubyen bidjè, voye je sou chwa anbasadè k ap nonmen yo, menm nan desizyon moun ki pral chwazi pou laprezidans lan, fòk gen yon enstans ki la pou sa. Ki pa gen nan akò a, se yon bagay nesesè nou ka mete ladan li“, pou fè konnen André Lafontant Joseph, sou Radyo ak televizyon Karayib maten madi a.
Sepandan, pale anpil ak tòchon kòmanse boule nan divès sektè nan peyi a, sitou nan kan avoka yo. Kòmkwa yo ta voye jete byen lwen desizyon Kominote Karayib la ak Lafrans, Etazini epi Kanada pran an.
“Kèlkeswa nèg ki panse yo pral pran pouvwa san lajenès oswa andeyò konstitisyon an oswa san avoka yo, andeyò mas pèp defavorize yo ak sou san militan yo. Nou gen 12 ak 15 an depi blok avoka ap libere moun gratis nan peyi a. Men, kounya nou wè yon gwoupman ki ale fè tchyoul, ki pa respekte sa konstitisyon an di, ki ka fè n pè epi pran peyi a an otaj. Nou Kanpe dèyè pwopoziysyon nou te fè a, kote chwa a dwe sòti nan jij kasasyon an“, se deklarasyon mèt Caleb Jean Baptiste nan yon konferans pou laprès aprè midi an.
Anplis, li te avanse pou l di, premye minis la dwe chwazi nan Wo Konsèy Tranzisyon (HTC), nan sosyete sivil, nan klas politik oswa nan gouvènman an. Toutfwa lè tan premye minis la fini, nou pral gen yon chita avèk tout sosyete a pou yon gouvènman konsansis k ap gen lajenès ladan li, pou kontinye ak apwòch li a.
Boutofen, pa rapò ak tout reyaksyon sa yo sa ta montre konsèy prezidansyèl la gentan ap fè anpil pale avèk dezakò anpil aktè politik epi enstitisyon anndan peyi a genyen sou fason yo vle pwosede li an. Keseswa nan ki fason yo dwe pwosede pou rezoud ensekirite a san amnisti oubyen san amnisti.
“Nou menm nan nivo Montana, nou genyen yon fèy wout sekirite, se pa gang yo ki pral enpoze n amnisti, men ki kondisyon pou ranpli, pou sosyete rachte yo oubyen kèk reyensèsyon an fonksyon sosyete a. Si ladan yo pa vle, n ap genyen yon repons vyolans avèk yo“, pou fini André Lafontant Joseph ki menm di Ariel Henry pa oblije prezan pou minis yo likide afè kourant yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024