Nan jounen jodi lendi 26 septanm 2022 a, aprè plizyè semenn pwotestasyon ki sot pase la, kapital peyi a ak plizyè vil pwovens leve kanpe nan 3 jou grèv ki te anonse semèn pase a.
Nan kèk vil pwovens, moun pa deside kanpe sou mobilizasyon yo epi kontinye monte barikad yo byen wo pou denonse pri gaz la ki ogmante tèt nèg ak lavi chè k ap grandi pi plis chak jou epi mande pou premye minis defakto a Ariel Henry kite tèt peyi a.
Yon lòt fwa ankò vil Gonayiv leve lòk kou ke makak. Sikilasyon ak aktivite yo paralize, barikad nan tout kwen vil la ak kawotchou k ap boule, sitou nan Riyèl Meklanbou, zonn gran ri, Wout dat, elatriye.
Moun yo te kontinye ap manifeste epi chante :« Si yo tire sou nou, n ap mete dife, si yo tire sou nou n ap mete dife» selon sa Jounalis Mike Jeff- Corielan, pibliye sou paj Fesbouk li.
Kapital la, sitou komin Kafou, leve anba barikad epi gwo tansyon. Nan Pòtoprens, tout aktivite yo sanble paralize, Menmsi poko gen gwo tansyon nan zòn Dèlma ak Site Solèy, men nou remake gen anpil polisye ak kèk solda lame Dayiti nan lari a.
Nan vil Tigwav gen plizyè kote ki bloke avèk barikad epi kawotchou k ap boule, se yon vil ki leve sou tansyon, selon sa jounalis Gibson Bazile rapòte avèk redaktè Mag Haïti.
N ap raple nan vil Okap se gwo mobilizasyon, kote gen anpil barikad ak dife epi bal k ap tire, presizeman nan Vètyè epi Sent Filomèn.
Anplis, jan sa te anonse jounen lendi an se pral premye jounen grèv nan kalandriye 3 jou sa yo, kont ogmantasyon pri gaz la, selon asosyasyon sendikal, tankou Asosyasyon Pwopriyetè Chofè Dayiti (APCH), BESAC, Fòs Sendika pou Sove Ayiti (FOSSA).
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022