Nan konferans ki tanmen jodi jedi 16 fevriye 2023 a nan mitan gwo chèf kominote Karayib la (CARICOM), premye minis kanadyen an, Ce anonse Kanada gen pou l voye kèk bato vin fè patwouy bò lanmè ayisyen an.
Daprè enfòmasyon ki bay, bato wayal sa yo ki ta dwe debake sou lanmè Ayisyen an ap la pou siveye ak pran enfòmasyon ki nesesè pou gouvènman kanadyen an, se sa premye minis lan deklare pandan konferans sila, menm lè li pa rive bay dat egzat bato yo ta dwe debake a.
Paralèlman, responsab kanadyen an te tou pwofite fè konnen gen 2 sitwayen Ayisyen peyi Kanada ap gen pou sanksyone nan jou k ap vini yo. Moun sa y ap pran sanksyon toujou nan kad moun ki ta gen dwèt yo tranpe nan finansye gang, kòripsyon epi blanchiman lajan.
N ap raple sa pa gen twò lontan depi gouvènman kanadyen an te voye yon avyon ki t ap fè patwouy nan syèl Ayisyen pou te rasanble enfòmasyon. Pou kounya, okenn lòt detay pa bay sou ni kantite bato ki ta dwe rive nan lanmè a, ni ki jou y ap gen pou yo vini.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post