Nan yon piblikasyon li fè sou Rezo sosyal li yo jodi mèkredi 27 septanm 2023 a, jwè entènasyonal ayisyen an, Duckens Nazon, fè konnen konstriksyon kanal sou rivyè Masak la pa dwe kanpe.
Peyi Dayiti konnen yon lòt paj nan istwa li depi lè plizyè sitwayen nan zòn Wanament deside pran yon priz nan rivyè Masak pou ka jwenn dlo pou wouze plèn Maribawou a. Konstriksyon sa ki mete anpil tansyon ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti, jwenn sipò anpil pèsonalite Ayisyen. Dènye non nou ka site se foutbolè Duckens Nazon.
Jwè ayisyen k ap evolye nan CSKA Sofia ki twouve l nan peyi Bulgarie di tout ayisyen dwe pran nòt nan sa k ap pase avèk Sendomeng lan. Li pwofite mande pou analize solisyon pou seleksyon ayisyèn nan pa itilize kay “Vwazen” pou resevwa match.
“Sou nòt sa, m espere nap jwenn solisyon pou seleksyon ayisyen ka rekomanse jwe lakay nou an Ayiti menm jan tout peyi jwe lakay yo. Epi yon gwo kout chapo pou moun Gran Nò yo, Kanal la pap kanpe“, se mesaj sa jwè foutbòl la voye bay tout ayisyen.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023