Mete sou kote moun ki t ap panse pou arete oubyen touye prezidan an, òdonans jij Walter Wesser Voltaire a fè konnen Brigad Sekirite Lè Proteje(BSAP) gen enplikasyon l tou nan divès zak ki bout ak lanmò prezidan Jovenel Moïse la. Konsa, li montre gen nan ajan sa yo ki te gen pou wòl pou mete kontwòl sou kay kote divès gwo reyinyon pastè Christian Emmanuel Sanon te konn ap fè ak lòt tèt yo pou te chavire chèf leta a.
Nan rapò a, jij Voltaire prezante Miradieu Faustin ki se ansyen direktè adjwen BSAP la, antanke moun ki te konn plase ajan l yo bò kay sa ki Dèlma 60, pou te bay sekirite. Jij la fè konnen tou, li se moun ki te konn fè tout bagay pou ansyen kòmandan BSAP la, Jeantel Joseph ak Joseph Félix Badio, youn nan sispèk kle zak ansasinay la.
“Faustin Miradieu san bri san kont obligatwaman fè pati gason ak zam ki te retire lavi prezidan Jovenel Moïse la“, daprè konklizyon yo fè pou ka pa sitwayen an yo di ki abitye manyen zam, puiske l te chèf sekirite nan divès enstitisyon tankou DINEPA, Star 2000, epi CNE, epi l te yo fòmate tou pou ajan BSAP ki te nan kay, kot konplo ki te konn fèt la, ki chita kò l nan Dèlma 60.
Li pa t sèlman mete ajan l yo disponib pou siveyans, men tou mesye Faustin daprè sa k ekri nan òdonans la, te responsab pou l fè kontak ak divès chèf gang nan peyi a pou te ka jwenn zam pou mèsenè yo. Tandiske, yo fè konprann ansyen kòmandan an ki te pase nan tèt direksyon Ajans Nasyonal Lè Pwoteje (ANAP) a, Jeantel Joseph li menm, te gen misyon li menm pou l te jere enstalasyon mèsenè kolonbyen yo pandan pasaj yo nan peyi a.
Nan sa ki konsène lyen 2 gwo tèt BSAP yo te gen ak konplotè yo. Nan yon bò, majistra a jwenn Miradieu Faustin te gen relasyon dirèk ak Badio puiske li se fiyèl ak monkonpè l, yo se frè zam dèske yo te kontre nan lame Dayiti (FAD’H), mete sou sa yo jwenn 2 moun sa yo te pale nan telefòn nan maten krim nan ak nan demen aprè lanmò prezidan Jovenel Moïse la. E se moun, ki te konn ap pote pwovizyon pou Badio tout pandan l te mawon lapolis ayisyen.
Nan yon lòt bò, enfòmasyon yo montre jij enstriksyon an, Jeantel Joseph li menm te mare sosis li ak mèsenè yo espesyalman ak James Solage epi Joseph Vincent. Yo jwenn tou daprè temwanyaj Joseph Félix Badio, se moun ki te vle pou yon sitwayen tankou Smith Magny pran plas prezidan an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024