3 jou aprè Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) te arete l nan ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture a, ansyen senatè Grandans la, Guy Phillipe resi jwenn akò pou l antre lakay li jodi samdi 2 desanm 2023 a. Selon youn nan avoka Guy Phillipe yo, li ta jwenn liberasyon l depi nan 9è nan maten.
“Li libere, se sèlman sa m ka di w pou moman an“, se sa avoka akize a, Me Emmanuel Jeanty deklare nou san plis detay nan yon kout konvèzasyon Mag Haïti te gen ak li.
Arestasyon palmantè a te fèt tousuit aprè lajistis amerikèn te deside depòte l voye Ayiti jedi ki te 30 novanm 2023 a. Selon dokiman ki disponib yo, Guy Phillipe te gen yon manda pakè vil Okay te mete kont li depi 16 dawout 2016, paske non l te site nan yon atak ki te fèt sou baz CIMO nan komisarya ak prizon sivil Okay la nan lannuit 15 pou rive 16 me 2016 la. Yon atak ki te pwovoke lanmò yon polisye kote plizyè lòt te sòti blese nan menm atak sa.
Nan manda sila, yo te akize sitwayen an kòm teworis, asasen, moun ki konn fè vòl, asosiyasyon malfektè elatriye. Pou kounya, pèsonn pa konnen ki sò lajistis rezève pou Guy puiske aprè 3 jou ap reponn kesyon anketè yo nan DCPJ, lajistis ayisyen poko fè okenn aksyon pou ta fè l peye pou sa yo te repwoche l yo.
N ap raple, Guy Phillipe te jwenn premye arestasyon l se nan mwa janvye 2017, kote lajistis amerikèn te pran l al jije l nan peyi Etazini pou blanchiman lajan ak trafik dwòg. Aprè 6 lane kondane nan prizon, lajistis amerikèn te resi libere l 7 septanm 2023 a, e depòte l jedi ki te 30 novanm pase a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023