Otorite ameriken yo depòte 52 ayisyen jodi jedi 18 avril 2024 la, selon yo menm moun sa yo pa t respekte lalwa migrasyon peyi Etazini. Daprè Miami Herald ak divès lòt medya entènasyonal, nan vòl sa ki te sòti Luizyàn ki ateri Okap jodi a te gen 40 gason epi 12 fanm.
“Etazini voye tounen Ayiti plizyè dizèn ayisyen jedi sa, nan vòl Depatman sekirite enteryè a mete pou depòte moun. Depi lè gang k ap simen latwoublay te fòse administrasyon Biden nan kanpe vòl sa yo, epi bay lòd pou retire ameriken yo sou tè ayisyen an“, selon sa jounal la di pandan yo tou fè konnen se 74 ayisyen ki te dwe rive Ayiti jodi a.
Se yon desizyon selon Miami Herald, ki mete anpil pale anpil puiske yo site deklarasyon defansè dwa Nasyonzini an, William O Neill ki ap poze kesyon pou konn ki kote migran sa yo prale avèk move sitiyasyon ki gen Ayiti a.
“Kote moun sa yo dwe ale, m sèlman vle mande Etazini ak tout peyi yo pou sispann san pèdi tan depòtasyon yo nan peyi sa ki pa menm ka asire sekirite pyès moun, kote 1,5 milyon moun ap fè fas kare ak grangou epi anbasad yo ap retire kèk nan moun k ap travay ak yo”.
Yon lòt kote, yo fè konprann direktè egzekitif sèvis jiridik Miyami an, Randolph McGrorty soulinye avèk depòtasyon sa yo peyi l la pa rive respekte lalwa epi obligasyon entènasyonal yo nan evalyasyon ki ta dwe fèt nan koze prensip imatè yo.
Pou kounya, gen anviwon 65 ayisyen gad kot ameriken yo te kenbe sou bato nan zòn Bahamas, epi te voye yo tounen Ayiti depi 12 mas 2024 la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024