Daprè chif Direksyon Jeneral Migrasyon dominiken an kominike gen anviwon 1 090 559 migran Ayisyen ki antre an Repiblik Dominiken pandan 6 dènye ane sa yo.
Nan sans sa, jounal «Listín Diaro» soulinye nan yon atik ki sòti jodi mèkredi 30 novanm 2022 a, nan ane 2021 an pou rive nan ane 2022 a, se 2 lane chif yo piwo nan sa ki gen pou wè ak migrasyon ayisyen yo nan peyi sa a.
“2021 se lane ki pote lamayòt la sou yon total 287 944 ayisyen ki antre, daprè chif ofisyèl yo”, se sa jounal dominiken an mansyone nan yon premye tan nan atik sila a.
Pou yo kontinye yo di “Nan ane sa, Direksyon Jeneral Migrasyon anrejistre 252 603 dosye Ayisyen ki antre. Nan premye trimès ane a chif yo te nan 89 139, nan dezyèm trimès la li te 89 496 epi pou twazyèm lan se 73 968″.
Poutan nan mwa jiyè ane sa, gen 33 929 migran Ayisyen ki te al pran refij yo nan peyi Luis Abinader ap dirije a. Alòske nan mwa septanm pase a te sèlman genyen 6 683 moun sèlman ki te pile sòl dominiken an, toujou daprè «Listín Diario».
Konparativman ak chif sa yo, nan lane 2016 li te nan 15 183 moun ki te antre nan peyi vwazen an legalman. Pou sa ki gen pou wè ak divès mwayen Ayisyen yo itilize pou yo travèse fwontyè a, chif yo pati konsa: pou moun ki pase sou frontyè Ayisyano-dominiken an nan lane 2018 li te 124 974, nan lane 2019 presizeman nan mwa me li te nan 36 282 ayisyen, antou sòti nan lane 2016 pou rive 2022, gen 466 142 ayisyen ki ale Sendomeng ak papye legal.
Pou sila yo ki vwayaje nan avyon si n kwè chif jounal la bay yo, gen anviwon 19 122 ayisyen ki pase nan aryewopò dominiken an, antou gen 157 414 dosye konsa pou 6 dènye ane yo. Pou moun ki pase sou lanmè yo chif ki disponib yo bay se sèlman 120 moun ki te anbake al Sendomeng sòti depi 2016.
Menm jan gen 383 557 Ayisyen ilegal otorite dominiken yo depòte an Ayiti sòti 2016 pou rive mwa novanm 2022 a. Se konsa tou, Direksyon Jeneral Migrasyon an anrejistre 202 369 ayisyen ki deside kite Sendomeng sòti 2018 pou rive mwa oktòb ane sa. Pou ane 2022 a, pou kont li deja gen 56 879 Ayisyen ki kite peyi vwazen an.
Photo: Listín Diaro
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022